Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 4/13/05


Basketball

Boston Celtics rapwoche l pou l ranpòte tit divizyon Atlantik la apre viktwa 105 a 98 yo ranpòte devan Philadelphia 76ers. Nan Phoenix Amare Stoudemire make 27 pwen nan viktwa 99 a 85 Phoenix Suns ranpòte devan New Orleans Hornets. Phoenix gen pi bon palmarè nan NBA 59 viktwa kont 19 defèt. Toronto Raptors woule New York Knicks 105 a 93. San Antonio Spurs suprann Portland Trailblazers 95 a 85 epi Los Anjeles Lakers danse sou Utah Jazz 94 a 85.

Asosyasyon Nasyonal Basketball ameriken ap lanse pwogram basketball entènasyonal sou kontinan Azyatik la. Yao Ming kap jwe nan Houston prale nan peyi l la Chin pou l lanse premye pwogram Basketball san Fwontyè 14 Juyè kote li pral pase 3 jou nan Peken. Dikembe Mutombo kap jwe nan Houston prale nan Joannesburg an Afrik du Sud soti 7 pou rive 12 Septanb pou-l òganize plizyè kan basketball pou jè-n. Arjanten Manu Ginobili kap jwe nan San Antonio Spurs ap retounen nan Buenos Aieres pou yon 2 zièm ane soit 30 Jwen pou rive 4 Juyè. Alman Dirk Nowitzki kap jwe nan Dallas ansanm ak Rus Andrei Krilenko kap evolye nan Utah Jazz prale nan Treviso an Itali nan fen mwa Juyè a. Plis pase 440 jèn nan 72 peyi ak teritwa deja patisipe nan pwogram NBA a.

Football

Milan A. C. ak Chelsea kalifye pou semi final tounwa Lig dè Chanpyon Europeyen an. Milan A-C kale Inter de Milan pa fòfè akoz fanatik yo Inter yo te simen la troublay sou teren an nan moman Milan tap men-nen 1 a 0 gras ak yon gòl Andriy Shevchenko make nan 30 tièm minit. Tifozi Inter yo te bay gadyen Milan A-C a yon kout mamit nan tèt epi voye pidetwal sou teren an apre abit rankont la alman Markus Merk te anule yon gòl Esteban Cambiasso te make nan 71 zièm minit rankont akoz yon fot. Abit la te eseye kontinye match la men fanatik Entè yo te kontinye ap voye pidetwal sou teren an. Milan ap rankontre nan semi final la swa ak PSV Eindoven ou byen Lyon---2 ekip yo ap rankontre jodi a.

Chelsea kalifye pou semi final la malgre yo pèdu 3 a 2 devan Bayern de Munich. Chelsea ap rankontre nan semi final la swa ak Liverpool ou byen Juventus de Turen. Juventus te pèdu match ale a 2 a 1. Match ale semi final la ap demare 26 e 27 Avril ak match retou a fikse pou 3 e 4 Me. Final la ap jwe le 25 Me nan Istanbul.

Uyon Football Europeyen an anonse li pral diskute Vandredi kap vini la a sou dezòd ki te genyen pandan rankont Inter de Milan ak Milan A-C nan San Siro yè Madi a.

An Itali otorite football yo frape klub Italyen Lazio de Wòm yon amand plis pase 32 mil dola apre fanatik yo te lanse yon seri de slogan fasist pandan rankont Lazio tap jwe kont Livorno. Ternana, yon klub 2 zièm divizyon gen pou l peye yon amand prèske 39 mil dola apre fanatik yo te lanse yon seri de objè sou teren an pandan rankont ekip la tap jwe kont Perugia.

Yon lòt kote Paulo Cesar Wanchope ki te konn jwe nan seleksyon Kosta Rika an e ki pase yon dekad ap jwe nan klub Angle Derby, West Ham ak Manchester City, resevwa sitwayènte Britanik. Desizyon ki pèmèt li jwe nan nenpòt ekip sou tout kontinan an. Wanchope ap gen doub nasyonalite e lap toujou rete kòm manb seleksyon nasyonal Kosta Rika a.

Jodi D-C United ap rankontre ak klub Meksiken Chivas nan kad match retou semi final chanpyona Konkakaf dè klub chanyon ak vis Chanpyon an. 2 ekip yo te fè match nul 1 a 1 nan match ale a ki te dewoule nan Washington D.C. Chivas bezwen yon match nul 0 a 0 ou byen yon viktwa 1 a 0 pou l kalifye pou final la. Demen Jedi a klub Meksiken Monterrey ap rankontre ak Deportivo Saprissa nan kad match retou eliminatwa a pou zòn Konkakaf la.

Ayiti ap pare pou l patisipe nan eliminatwa final koup du mond kadè a ki gen pou dewoule O Meksik soti 17 pou rive 21 Me ak patisipasyon, Kanada, Ayiti, Honduras ak Meksik nan group B a. Group A kap kòmanse 12 Avril pou l fini le 16 Avril ap dewoule nan Kosta Rika ak patisipasyon Kuba, El Salvador, Etazuni ak Kosta Rika. 2 premye nan chak group ap kalifye dirèkteman pou faz final koup du mond Kadè a ki gen pou dewoule O Pewou soti 15 Septanb pou rive 2 Oktòb. 2 zièm nan chak group yo ap jwe yon match de baraj ale/retou--venkè a ap kalifye pou reprezante zòn KONKAKAF la.

Tennis

Numewo 1 tenis mondyal maskulen an Swis Roger Federer ranpòte 23 zièm viktwa afile l pandan ane 2005 la. Federer kap patisipe nan tounwa tenis dè mèt yo nan Monte Carlo te bezwen 2 kout rakèt pou kale Britanik Greg Rudseski 6-3, 6-1. Rus Marat Safin kalifye tou apre viktwa an 2 manch li ranpòte devan Sud Koreyen Lee Hyung-Taik 6-0, 7-5. Lòt jwè ki kalifye pou pwochen tou a Arjanten Guillermo Canas, Rus Nikolay Davydenko ak Kwat Mario Ancic. Kèk supriz Tim Henman, Carlos Moya Ivan Ljubicic, Thomas Johansson ak Dominik Hrbaty elimine nan tounwa a.

Atletisme

Kourè Kenyan Bernard Lagat naturalize ameriken. Lagat ki gen 30 tan, di li te reflechi anpil avan li pran desizyon an.

XS
SM
MD
LG