Accessibility links

Breaking News

Rankont Bush-Sharon Nan Texas


Prezidan ameriken an, George W. Bush, ak Premye-Minis izrayelyen an, Ariel Sharon, rankontre yè nan eta Texas, pou yo te diskite sou retrè Izrayèl gen pou l’fè sou teritwa Gaza e nan kèk vil nan Sisjòdani. Men yon pwojè konstriksyon toupre Jeruzalem kontinye bay Washington kè-sote.

Prezidan Bush di li pataje sousi li ak Premye-Minis la e li di l' Izrayèl pa dwe mennen okenn aktivite ki kontrè ak obligasyon n' vizavi mach-a-suiv pou lapè a oubyen ki pap bon pou negosyasyon sou stati final vil Jerizalem. Ariel Sharon pat fè yon pwomès klè, men li di, “Nap chache retabli konfyans ak respè, diyite ak dwazimen pou pèp nou an. Konsènan bitasyon ki pa otorize yo, m'ap repete ke Izrayèl se yon eta ki chita sou lalwa. Konsa, m'ap onore angajman m’pran pou m’ fè moun sa yo degèpi. E Izrayèl ap respekte mach-a-suiv pou lapè a."

Klike sou ralonj (lyen) nan tèt atik la pou w' tande repòtaj sila a.

XS
SM
MD
LG