OEA, Oganizasyon Eta Ameriken, pa reyisi chwazi yon ranplasan pou Miguel Angel Rodriguez, nan pòs Sekretè-Jeneral gwoup rejyonal la.
Nou ka sonje kouman, nan mwa oktòb 2004 la, ansyen prezidan kostariken an te demisyone, tousuit apre li te fin prete sèman pou ranplase César Gaviria, daprèzavwa lajistis nan peyi li te akize l' ofisyèlman pou aktivite magouyè.
Lendi 11 avril la, malgre plizyè vòt ki te fèt, 34 manm OEA yo pa rive eli yon nouvo Sekretè-Jeneral, konsa yo deside ranvwaye chwa sa a pou 2 me k'ap vini an.
Klike sou ralonj (lyen) ki anlè tèks la pou plis detay sou nouvèl sa a.