Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 4/12/05


NBA

Camelo Anthony make 32 pwen pou ede Denver Nuggets wouze Golden State Warriors 122 a 106-viktwa ki pèmèt Nuggets yo kore kalifikasyon yo nan Konferans de Lwès la pou yon 2 zièm fwa afile depi 1995. Chanpyon sòtan an Detroit Pistons ranpòte yon viktwa de justès devan Chikago an pwolongasyon pou-l ranpòte tit konferans de Lès-la 85 a 84. Nap di Chikago deja kalifye pou faz final la. Dallas Mavericks benyen Memphis Grizzlies 110 a 89. Malgre defèt la Memphis toujou nan kous pou l jwen 8 tièm e dènye plas nan faz final la. Washington Wizards te fè anpil efò avan li kale Milwaukee Bucks 119 a 112-Wizards yo bezwen yon viktwa pou yo kalifye pou faz final la. Charlotte Bobcats geri bosko l Atlanta Hawks an pwolongasyon 110 a 105. Phoenix Suns danse sou Los Anjeles Lakers 108 a 97.

FIFA/Afrique

Prezidan FIFA a Sepp Blatter ap vizite Republik Sant Afrikèn -2 zièm etap yon vwayaj pou l kore federasyon football Afriken yo. Msye Blatter ki deja vizite Tchad, ap etudye enpak pwogram asistans finansye ki vize kore federasyon football nasyonal yo nan peyi pòv yo. Pwogram nan pèmèt federasyon yo posede pwòp katye jeneral yo, konstruksyon teren naturèl e atifisyèl, sant dantrenman ak edukasyon ansanm ak lòt enstalasyon pou football de baz. Msye Blatter ap pwofite de okazyon an pou l asiste inogurasyon yon stad òganizasyon football mondyal la ede repare. Msye Blatter gen pou l vizite Republik Demokratik Kongo, Burundi ak Rwanda.

Jodi a ap gen yon gwo duèl ant Milan A C ak Inter de Milan nan kad match retou kar de final chanpyona Lig dè Chanpyon Europeyen an. Inter de Milan de make 3 gòl si l vle kalifye pou pwochen tou a akoz li te pèdu match ale a 2 a 0. Se menm situasyon an nou jwen pou klub football Alman Bayern de Munich ki dwe fè anpil efò apre yo te pdèu match ale a 4 a 2 fas a Chelsea. Demen Mèkredi a ap gen 2 lòt kar de final lè Liverpool ap rankontre ak Juventus de Turen--Klub Italyen an te pèdu 2 a 1 nan match ale a. PSV Eindhoven ap akeyi Lyon--2 ekip yo te fè match nul 1 a 1 nan match ale a. Semi final la fikse pou 26 e 27 Avril. Match retou a 3 e 4 Me. Final la ap jwe nan Istanbul 25 Me.

Tennis

Ameriken Serena Williams di li espere lap an fòm pou l reprezante Etazuni nan Koup Konfederasyon an fas a la Beljik mwa sa a nan Delray Beach an Florid. An plis de Serena ekip ameriken an ap gen ladann Lindsay Davenport, Venus Williams, Corina Morariu. Bèlj yo kapab pa gen sèvis Kim Clijsters, Justine Henin-Hardenne. Desizyon ki louvri posibilite pou ekip la fè apèl a Els Callens, Caroline Maes, Evelyne Van Hyfte ak Leslie Butkiewicz.

XS
SM
MD
LG