Accessibility links

Breaking News

MINUSTAH ak PNH Touye 2 Gwo Lidè Gwoup Ame Nan Pòtoprens


2 lidè gwoup ame ilegal tonbe anba bal otorite yo nan Pòtoprens nan espas vennkatrè. Ravix Rémissainthe, alyas Jeneral, ki te pwoklame tèt li kòmandan militè demobilize yo, jwenn lanmò yè samdi a, nan yon echanj kout zam ak fòs MINUSTAH yo (misyon L'ONU an) ak polisye nasyonal ayisyen.

Si nouvèl la te pwovoke tansyon ak yon ti kè-sote nan kapital ayisyèn nan, se pot ko anyen sa, paske jodi dimanch la, lapolis tapral anonse yo desann yon lòt lidè gwoup ame, fwa sa a, yon sivil, anpalan de Jean-René Anthony, alyas Grenn Sonnen. Dapre Direktè PNH la, Léonce Charles, tou 2 nèg yo jwenn lanmò nan zòn Delmas, nan Pòtoprens.

Klike sou lyen anlè tèks sa a pou w ka tande korespondans Renan Toussaint sou evènman sa yo.

XS
SM
MD
LG