Accessibility links

Breaking News

Eritaj Pap Jean Paul II Kite Dèyè


Prezidan, wa, rèn, prens, prensès, patriyach, lidè relijye ak senp fidèl e pèlren prezante dènye omaj yo bay pap la nan yon sèvis antèman ki te gen anpil emosyon ladan n sou Plas Sen-Pyè a. Plizyè milyon moun te rasanble nan vil Wòm pou asiste antèman an oubyen swiv dewoulman sèvis la sou gwo ekran televizyon otorite yo te plase tou patou nan vil la.

Pwogram sa a ap santre sou eritaj pap Jean-Paul-2 kite, e ki sa pontifika li a te reprezante pou katolik ayisyen yo an patikilye. Kòm envite, n ap genyen pè Patrick Harris ki se direktè Misyon Notre Dame du Perpetuel Secours isit Washington e Clarens Renois, yon analis politik ann Ayiti. Ronald César ap swete nou tout bòn ekout.

XS
SM
MD
LG