Accessibility links

Breaking News

Lafrik ak Papote a


10 jou apre fineray Pap Jan-Pòl II, donk le 18 avril, Kolèj Kadinal yo pral tanmen reyinyon sekrè kote yo va chwazi nouvo Souvren Pontif la. Menmsi pa gen kandida ofisyèl, gen plizyè non k’ap site--pami yo: yon Afriken, Francis Kadinal Arinze, ki soti nan peyi Nijerya.

Konstitisyon apostolik la prevwa yon delè minimum 15 jou apre desè Lepap pou òganizasyon konklav la, sètadi rasanbleman kadinal ki gen dwa vote yo, ou ankò kadinal-elektè yo. Pap Jan-Pòl II, nan 26 zan pontifika, te fè kèk chanjman nan lwa Vatikan, ajoute sou sa ki te la deja, pa egzanp se sèlman kadinal ki gen 80 zan ou mwens ki gen dwa patisipe nan vòt la e nenpòt kapab vin pap. Epitou tout bagay dwe fèt an sekrè. Apre Jan-Pòl II, premye Pap polonè nan listwa, atansyon anpil moun vire sou kontinan afriken an e kesyon y’ap poze se èske Lafrik ap bay yon pap finalman, apre 1500 zan. Istwa Legliz la rapòte non 3 Afriken ki te Pap: Sen Viktò (189-199) 14èm Pap, ki te ne ann Afrik; Sen Miltyade (311-314) 32èm Pap, ki te ne ann Afrik; epi Sen Gelaz I (492-496) 49èm Pap, ki te ne nan vil Wòm men ki te gen paran Afriken.

Yon Kadinal afriken pa janm pi pre Twòn pontifikal la pase Francis Arinze, moun peyi Nijerya, ki te fidèl anvè prensip Pap Jan-Pòl II. Arinze, ki gen 72 an, pataje opinyon konsèvatè defen Pap la sou dosye tankou avòtman volontè, planning familyal ak omoseksyalite. Nijeryan yo sonje efò li pandan gè sivil Biafra a nan fen ane 60 ak kòmansman ane 70 yo, lè lekòl misyonè sou bitasyon jenn achevèk la te transfòme sanzatann pou tounen kan refijye. Francis Kadinal Arinze te vin pa tounen responsab relasyon Vatikan ak lòt relijyon e li te katriyèm pèsonaj nan òganigram Legliz la. Misyon sa a te ba li anpil renome entènasyonal. Yon kòlèg li ki retrete depi 1998, Bernardin Gantin, ke Jan-Pòl II te nonmen Kadinal nan peyi Benen an 1984, te ede yon konfrè nou nan Lavwadlamerik konprann enpòtans travay sa a [klike sou ralonj, sou lyen, ki anlè paj la pou w tande deklarasyon Kadinal Gantin yo].

Jan-Pòl II fè 13 vizit ann Afrik e li te souliyen enpòtans kontinan nwa a pou relijyon kretyèn nan, sitou pou Legliz Katolik. Tou sa te antre nan konsiderasyon sila yo ki te prese site non Francis Kadinal Arinze kòm yon posib Pap. Dènye mo a nan men manm Konklav la, sou direksyon dwayen an, kadinal alman Joseph Ratzinger.

Idantite pwochen Pap la ap rete yon mistè pou jou k’ap vin la yo. Gen moun ki di Amerik Latin nan, ki gen prèske mwatye Katolik sou latè, ta dwe benefisye chwa a. Italyen yo ka vle repran twòn nan. Fransè Jn-Marie Lustiger byen plase, epi...Afriken yo gen Arinze.

Achevèk Dakar la, Theodore Adrien Sarrpa, kwè lè a rive pou yon Pap afriken, sepandan Vatikan repite pou sipriz li yo, tankou nou te wè l’ ak eleksyon Kawol Wojtila an 1978.

XS
SM
MD
LG