Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 8/4/05  miz'ajou


Jeux Azi-2014

4 peyi soumèt kandidatu yo pou òganize je Azyatik yo an 2014. Konsèy Olenpik la, ki baze nan Koweit, te fiske 31 Mas kòm delè pou l resevwa aplikasyon yo. End, Kore du Sud, Jordani ak Vyetnam soumèt kandidatu yo. Dapre règleman yo komite Olempik chak peyi gen juska Jwen pou seleksyone vil kote yo ta renmen konpetisyon an dewoule. Asanble Jeneral Konsèy Olenpik Azyatik ap seleksyone vil gayan nan Asanble jeneral li gen pou l fè nan Doha, Katar an Desanm 2006.

Football

Nou aprann ke prezidan feredasyon entènasyonal Football Assosciation an (FIFA), Stepp Blatter, pral kòmanse yon tounen nan pati kontinan Lafrik ki anba Sahara a, semén pwochèn-nan. yon toune ki pral dure 6 jou. Nan delagsyon ki pral akonpaye l nou jwenn Amadou Dia-kité (yon sitwayen peyi Mali), yon ofisyèl nan komisyon FIFA e nan Confederasyon Mali a, epi Jerome Champagne, vis-sekretè jeneral FIFA a. Nan toune sa a, misye Blatter pral vizite peyi Chad, republiik Santr Afrikèn, Republik Demokratik Kongo, Bouroundi avèk Wannda. Objektif toune a, se kontinye aplike yon pwogram ki la pou ede asosyasyon football ki pi defavorize sou plan ekonomik la, kote FIFA fè efò, pa egzanp, pou l ede yo genyen yon bon jan katye jeneral, bon jan buwo pou yo fè travay pwomosyon pou spò wa a, sitou nan peyi-manm ki pòv yo.

Sou kontinan Europeyen an C-S-K-A danse sou klub franse Auxer 4 a 0 nan kad match ale kar de final Koup Unyon Football Europeyen an. Nan lòt rankont Newcastle ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan Sporting de Lisbòn. Klub Olandè A-Z Alkmaar kale Villarreal 2 a 1 pandan ke Parme fè match nul 1 a 1 ak Otruch de Vyèn nan kad match ale kar de final koup Europeyen an. Match retou a fikse pou semen pwochèn nan. Semi final ap demare 28 Avril--final la fikse pou 18 Me nan Lisbòn nan Potugal.

Isit Ozetazuni 2 zièm semen chanpyona nasyonal la demen Samdi a San Jose Earthquakes ap akeyi Chivas USA, New England Revolution ap akeyi Kolonbus Crew. D-C United, kap prepare pou jwe semi final retou eliminatwa Konkakaf dè klub chanpyon ak vis chanpyon an, ap akeyi Chikago Fire. F-C Dallas ap fè yonm kout pye lakay Kolorado Rapids kote nou jwen ayisyen Jean Philippe Peguerro. Real Salt Lake ap vizite Los Anjeles Galaksi.

Nan KONKAKAF la, Deportivo Saprissa rache yon match nul 2 a 2 nan men Monterrey du Meksik nan kad semi final chanpyona rejyonal la. Match retou a fikse pou semen pwochèn nan.

An Almay 28 tièm jounen chanpyona Bundersliga a ap mete bab pou bab Stuttgart ak Shalke 04 ki klase 3 zièm ak 2 zièm chanpyona--2 ekip ki mye plase dèyè lidè chanpyona a Bayern de Munich kap akeyi Moenchengladbach. An Itali Juventus de Turen anba yon gwo menas lè lap rankontre Fiorentina pandan ke lòt lidè chanpyona a, Milan A-C pral jwe yon rankont Samdi fas a Brescia nan kad 30 tièm jounen chanpyona Seri A Italyen an. An Frans 32 zièm jounen chanpyona premyè divizyon franse a Olympic de Marseille ap fè yon kout pye lakay Strasbourg Lyon, ki nan tèt chanpyona a ak 13 pwen devan Lille, pral lakay Nantes. Saint-Etienne kont Bastia. Pari Sen Jermen. An Espay -FC Barselòn ki nan tèt chanpyona espayòl la ak 9 pwen devan Real Madrid kapab ranpòte tit nasyonal la pou la premyè fwa depi 1999-si l kale Real Madrid Dimanch. Roberto Carlos, kap jwe nan Real Madrid deklare chanpyona ap relanse si yo ranpòte la viktwa. Real Madrid poko konfime si tout vedèt ekip la ap prezan.

Cyclisme

Siklis ameriken Lance Armstrong deklare yè Jedi nan New York lap etudye posibilite pou l ta pran retrèt li apre li finn patisipe nan kous bisiklèt Tour de Frans la ane sa a . Anons sa a fèt malgre Armstrong fèk siyen yon kontra 2 zan pou l reprezante Discovery Channel.

Athletisme

Kourè Danwa dorijin Kenyan Wilson Kipketer anonse lap pran retrèt li apre chanpyona Europeyen an kap dewoule an Swèd an Out 2006. Kourè Ethiopyen Ambessa Tolosa figure pami 35 mil atlèt kap patisipe nan 29 vièm edisyon maraton Pari a Dimanch.

NBA

New Jersey Nets danse sou New York Knicks 110 a 98. Pou yon 66 zièm fwa nan karyèl Jason Kidd reyalize yon triple( 28 pwen, 12 pas ki make pwen epi trape balon an 10 fwa). Dallas Mavericks toupizi San Antonio Spurs 104 a 68. Houston Rockets tronse Los Anjeles Lakers 114 a 100.

XS
SM
MD
LG