Football
D.C. United fè match nul 1 a 1 ak Chivas du Meksik isit Washington nan kad semi final chanpyona Konkakaf dè klub chanpyon ak vis Chanpyon. Christian Gomez make gòl D-C United la nan 10 zièm minit premye mitan an epi Brezilyen Alton da Silva egalize pou vizitè yo nan 52 zièm minit rankont la yon penalite. Antrenè D-C United Peter Nowak rekonèt ti mesye'l yo rate anpil opòtunite malgre Chivas te mete anpil presyon sou yo." Nou te dwe ranpòte rankont la-kwè m si w vle nan match retou a nou pral fè tout efò posib pou n ranpòte la viktwa e kalifye pou final la." daprè Peter Nowak. Nan match retou a kap jwe O Meksik, chanpyon sòtan MLS la pa kapab fè match nul 0 a 0. Se yon rankont a domisil lè n konsidere D.C. United pap jwen menm supò li te jwen nan stad Robert F Kennedy a isit Washington kote plis pase 21 mil fanatik te fè deplasman an.
Lòt semi final la ap mete bab pou bab klub Meksiken Monterrey kont klub Kosta Riken Deportivo Saprissa. Match retou a ap jwe nan yon semen.
Sou kontinan Europeyen an klub Angle Chelsea suprann bonanj klub Alman Bayern de Munik ak yon swif 4 a 2 nan kad match ale lig dè chanpyon Europeyen an. Angle yo ranpòte rankont la malgre absans antrenè a Potugè Jose Mourinho kap purje yon suspansyon pou entèvansyon li te fè pandan 8 tièm de final la. An Itali duèl ki te mete fas a fas klub Italyen Milan A.C. ak Juventus de Turen--yon rankont Milan A.C. ranpòte 2 a 0. Kar de final la ap rapousib jodi a lè klub franse Auxerre ap rakontre ak CSKA de Moskou, Newcastle kont Sporting de Lisbòn, Villarreal kont Alkamaar epi Otrich de Vyenne kont Parm
Footbalè Olandè Thijs Waterink kap jwe nan klub football amatè Paderborn tounen premye footbalè ki tonbe anba suspansyon pou koken ki te genyen nan yon seri de rankont nan lig football Alman an.. Suspansyon an ap dure jusko 31 Juyè, dapre federasyon football Alman an. Waterink rekonèt li te resevwa 13 mil dola nan yon men yon eleman avan yon rankont ekip Paderborn nan te gen pou jwe kont Hamburg S V.
Basketball
Pou la premyè fwa depi 11 zan Los Anjeles Lakers elimine nan faz final chanpyona nasyonal NBA a apre defèt 125 a 99 yo subi devan Phoenix Suns. Ak 8 match ki manke pou sezon an fini Lakers yo gen yon palmarès 33 viktwa--41 defèt.
Yè swa Orlando Majik subi yon defèt an pwolongasyon devan Chikago Bulls 102 a 101--yon defèt Majik yo ap pran tan pou dijere--Steve Francis 2 panye nan dènye 10 sekond rankont la pandan ke Jameer Nelson rate yon panye nan dènye sekond rankont la. Denver Nuggets bò kote pa l tronse New Orleans Hornets 94 a 83. Philadelphia 76ers ranpòte yon viktwa tou mens devan Charlotte Bobcats. Washington Wizards tonbe devan Detroit Pistons 105 a 93. Minnesota Timberwolves pilon-nen Utah Jazz 111 a 86. Golden State Warriors ranpòte yon viktwa de justès devan Portland Trailblazers 104 a 102.
Tennis
Numewo 1 tenis mondyal feminen an ameriken Lindsay Davenport ap rankontre jodi a ak Tchèk Kveta Peschke nan kad 3 zièm tou tounwa tenis kap dewoule nan zile Amelia yo nan eta Florid. Nan lòt rankont ameriken Venus Williams ap rankontre ak Polonè Marta Domachowska. Franse Mary Pierce ap rankontre ak Venus Williams pei Anastasia Myskina pral kwaze rakèt ak Japonè Shinobu Asagoe. Jelena Jankovic fas a Nadia Petrova. Swis Patty Schnyder pral kwaze rakèt ak Italyen Silvia Farina Elia epi Vera Zvonareva fas a Elena Lkhovtseva.
Luksambourjwa Gilles Muller kalifye pou kar de final tounwa tenis kap dewoule nan Casablanca o Maròk gras ak 2 kout rakèt li pase Janko Tipsarevic 6-3, 6-4.
Tounwa tenis dè mèt yo ap dewoule Monte Carlo malgre lanmò Prens Rainier. Prens Albert ki ranplase papa l sou tròn nan e ki abitye jwe yon match amikal kont Bjorn Borg ou byen Henri Leconte--match sa a anule ansanm ak tout lòt aktivite sosyal.
Cyclisme
Chanpyon 6 fwa kous bisiklèt Tour de Frans la ameriken Lance Armstrong asiyen yon ansyen anplwaye, Mike Anderson ki akuze l k̀kòm kwa li te pran steroyid. Anderson, ki te pèdu djòb la an Avril 2004 deja ale nan tribunal ak Armstrong li akuze ki pa gen kenbe pwomès li te fè pou ede l lanse yon magazen bisiklèt. Sepandan msye pa di li konn temwen Amstrong abitye pran anabolizan men li konfime li te wè yon medikaman entèdi nan yon twalèt--akuzasyon Armstrong rejte.