Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 4/1/05


NBA

Nan yon match gason pa kanpe Reggie Miller make 31 pwen pou ede Indiana Pacers ranpòte yon viktwa an pwolongasyon fas a Miami Heat 114 a 108 apre Stephen Jakson te make yon 3 pwen an favè Indiana mwens ke yon sekond pou tan reglemantè fini e pèmèt rankont ale an pwolongasyon.. Minnesota Timberwolves tonbe devan Los Anjeles Lakers 105 a 96. Chikago Bulls kale Cleveland Cavaliers an pwolongasyon 102 a 90 malgre Lebron James te fè match la ale an pwolongasyon apre li te egalize mwens ke 3 sekond avan fen tan reglemantè a pou Cavaliers yo ki tap jwe an deplasman.

Tennis

Ansyen numewo 1 tenis mondyal feminen Belj Kim Clijsters woule ak 2 kout rakèt franse Amelie Mauresmo 6-1, 6-0 pou pase nan final tounwa tenis Key Biskayne nan. Manmzèl pral rankontre ak Rus Maria Sharapova ki elimine ameriken Venus Williams 6-4, 6-3. Final la fikse pou demen Samdi.

Bò kote mesye yo Swis Roger Federer kalifye pou semi final tounwa a apre li kale Britanik Tim Henman 6-4, 6-2. Federer pral rankontre ak ameriken Andre Agassi ki kale konpatriòt li Taylor Dent 7-5, 6-0. Lòt semi final la ap mete bab pou bab espayòl David Ferrer ak Rafael Nadal.

OLympics Dopaj

Prezidan Komite Olenpik Entènasyonal la Jacques Rogge ki te pran la pawòl devan Komite Olenpik jodi a nan Brisbane an Ostrali mande gouvènman yo pou siyen kòd Anti Dopaj Mondyal la avan 13 Fevriye debu je zolempik Divè yo ki gen pou dewoule nan vil Turen an Itali. Demen Samdi a Lond, Madrid, Moscou, New York ak Pari 5 vil kap chache òganize je zolenpik dete yo an lan 2012 pral fè yon prezantasyon pou justifye rezon otorite yo dwe chwazi youn pami yo pou òganize konpetisyon an. Komite Olenpik Entènasyonal ap anonse vil kap òganize je yo le 6 Juyè.

Plan pou konstrui yon stad Olenpik nan kè vil New York pran yon bourad apre otorite Transpò Metropolitèn New York/ New Jersey vote an favè 720 milyon dola New York Jets te ofri pou teren an. Stad la kapab gen yon kapasite 75 mil plas

Siklism /Armstrong

Yon ansyen asistan pèsonèl siklis ameriken Lance Amstrong depoze plent nan tribunal kote li fè konnen li te dekouvri yon anabolizan nan chanm siklis la ane pase. Mike Anderson fè depozisyon an yè Jedi a nan kad aksyon legal li genyen ak Amstrong ki te pwomèt pou l ede ouvè yon shop pou l vann bisiklèt.

Football

Mitan teren seleksyon nasyonal ameriken Landon Donovan retounen nan Lig Football balonwon ameriken apre yon ti bout tan li pase nan klub Alman Bayer Leverkussen. Msye pral jwe nan Los Anjeles Galaksi.Nap raple chanpyona nasyonal balonwon ameriken an ap demare demen Samdi 2 Avril la ak rankont ant chanpyon sòtan an D.C. United ak Chivas USA. Match la ap dewoule nan Karson an Kalifòni.

Kongrè ameriken an, ki sot tande depozisyon sou fason jwè baseball yo ap konsome steroyid, pral panche sou jwè footbal zèpòl kare yo.

XS
SM
MD
LG