Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Enkoni Ame Tire Ankò Sou Lokal Konsèy Elektoral Pwovizwa a


Eleman ak zam tire madi 29 mas la sou lokal Konsèy Elektoral Pwovizwa a (K.E.P) nan vil Pòtoprens. Pèsonn pa blese nan atak la ki se dezyèm nan mwenske 7 jou sou entitisyon elektoral la sibi. Nouvo atak sa a bay manm K.E.P a anpil kè sote, an patikilye, sekretè-jeneral e pòtpawòl Konsèy la, Rosemond Pradel, nan moman ya p' fè preparasyon pou koumanse louvri biwo enskripsyon elektè atravè peyi a. Yon lòt kote, m'sye Pradel denonse gouvènman Latortue a ki, dapre sa l' di, pa ranfòse pwoteksyon pèsonèl ak lokal Konsèy Elektoral Pwovizwa a malgre atak vandredi 25 mas la.

Ale sou lyen anlè atik la pou'w koute repòtaj Rotchild sou atak la e sou lòt evènman jounen madi 29 mas 2005 lan--ki make 18 tyèm anivèsè Konstitisyon 1987 la.

XS
SM
MD
LG