Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 3/28/05


Basketball

Pou la premyè fwa nan istwa chanpona nasyonal basketball Univèsitè yo venkè 3 final rejyonal detèmine nan pwolongasyon. Michigan kalifye d ejustès pou semi final la gras ak yon viktwa yo rache nan men Kentuky 94 a 88 nan yon rankont ki te ale nan 2 pwolongasyon. Kentuky te remonte yon defisi pou fè match la ale an pwolongasyon. North Carolina kalifye pou semi final san difikilte apre yo pilon-nen Wisconsin 88 a 82. 2 final rejyonal Samdi yo te ale an pwolongasyone nan tou 2 ka yo ekip ki tap men-nen nan tan regulye a pèdu. Illinois remonte yon defisi 15 pwen pou-l kale an pwolongasyon Arizona 90 a 89. Louisville te bezwen pwolongasyon pou l kale West Virginia 93 a 95. Semi final nasyonal la ap dewoule nan Saint Louis Missouri Samdi epi final la fikse pou Lendi 4 Avril. Maryland kalifye pou semi final tounwa konsolasyon kote yo envite Univèsite ki pat kalifye pou chanpyona nasyonal Univèsitè yo.

NBA

Seattle Supersonic echwe nan tantativ li tap fè pou l kalifye pou faz final NBA apre defèt 95 a 94 yo subi devan Washington Wizards. Los Anjeles Lakers subi 8 defèt afile l apre Philadelphia 76ers ranpòte yon viktwa tou mens 96 a 89. San Antonio Spurs pilon-nen Houston Rockets 83 a 70 pandan ke Minnesota Timberwolves kale Los Anjeles Clippers anba redu 89 a 85.

Football/ Koup du Mond

Meksik kale Etazuni 2 a 1 nan kad ekzagonal final la eliminatwa koup du mond Almay 2006 la. Viktwa ki pèmèt Meksiken yo rete envenku nan rankont yo jwe nan stad Aztèk la pandan 71 zan. Nan lòt rankont ki jwe nan zòn nan Kosta Rika kale Panama 2 a 1 pandan ke Gwatemala danse sou Trinidad and Tobago 5 a 1. Ekzagonal la ap rapousib Mèkredi lè Trinidad ap resevwa Kosta Rika, Etazuni ap akeyi Gwatemala epi Panama ap resevwa Meksik.

Brezil ranpòte yon viktwa tou mens devan Peru 1 a 0 nan kad eliminatwa koup du mond pou zòn Amerik du Sud la. Se Kaka ki make bout gòl la gras ak yon pas de Ronaldo. Brezilyen klase 2 zièm ak 23 pwen swa 2 pwen dèyè Arjantin ki kale Bolivi 2 a 1. Venezuela fè match nul 0 a 0 ak Kolonbi pandan ke Chili fè match nul 1 a 1 ak Urugwe. Ekwatè van-nen Paragwe 5 a 2.

Pwochen rande-vou pou group sa a Madi lè Bolivi ap rankontre ak Venzuela. Mèkredi Paragwe kont Chili, Arjantin kont Kolonbi, Peru fas a Ekwatè epi Brezil kont Urugwe.

Sou kontinan Afriken an nan Bamako Mali fanatik yo te drese barikad, boule kawotchou, piye magazen, kraze vit machin pou eksprime mekontantman yo apre Togo make yon 2 zièm gòl nan 90 zièm minit match kalifikatif koup du mond ki jwe yè Dimanch la ant 2 peyi yo aloske match la te 1 a 1. Fanatik yo, ki te move tankou kong, mande tèt 2 jwè Mamadou Bakayoko ak Frederic Kanoute pou bay yo pè Lebrun. Match la pat te sispann apre fanatik yo te anvayi teren an. La polis te sèvi ak gaz lakrimojè n pou gaye manifestan yo.

Sou kontinan Europeyen an La Polòy danse sou Azerbaijan 8 a 0. Angletè woule Irland du Nò 4 a 0. Kwasi kale Island 4 a 0. Izrayèl fè match nul 1 a 1 ak Irland. La Frans fè match nul 0 a 0 ak la Swis. Itali kale Ekòs 2 a 0. La Swèd tronse Bulgari 3 a 0. Group Europeyen yo ap retounen Mèkredi pou jwe yon total 21 rankont kalifikatif koup du mond.

Federasyon football Alman an anonse Almay ap jwe yon match amikal chofe jarèt ak Etazuni 22 Mas 2006. Alman gen plan jwe 8 match amikal pou pipiti disi debu konpetisyon an. Gen posibilite pou Landon Donovan kap jwe nan lig football Alman an retounen Ozetazuni kote li kapab jwe nan Los Anjeles Galaksi. Poko gen yon desizyon final.

Alman Franz Beckenbauer konfime enterè l pou l al dèyè pòs prezidans Unyon Football Europeyen an. Aktuèl Prezidan UEFA Lennart Johansson poko di si wi ou non li pral dèyè yon lòt manda. Msye Johansson kapab anonse si wi ou non li pral dèyè yon lòt manda lè òganizasyon spòtif Europeyen an ap reyuni nan Estoni. Ansyen Las Football Franse Michel Platini deja anonse entansyonn tou.

Dopaj/ Olympics

Federasyon Ekèst International la mande kavalye Irlandè Cian O’Conor renmèt meday dò li te ranpòte nan so an obstak pandan je zolenpik Atèn 2004 yo apre cheval li tap patisipe nan je yo te teste pozitif. Dabitu Komite Olempik Entènasyonal la aksepte rekòmandasyon federasyon yon spò endividuèl-- Sa vle di Brezilyen Rodrigo Pessoa, ki te fini 2 zièm ap resevwa meday dò a. Ameriken Chris Kappler ap resevwa meday darjan epi Alman Marco Kutscher ki te klase 4 trièm ap resevwa meday de bronz. CN-45 DOPING--THANOU Kourè Grèk Katerina Thanou di li vle rekòmanse kouri apre federasyon atletik Grèk la te jwen li pat koupab vyolasyon mezu anti dopaj pandan dewoulman je zolenpik Atè n 2004 yo.

Cyclisme

Siklis Alman Rene Wolff ranpòte chanpyon du mond siklis la ki tap dewoule nan Los Anjeles.

XS
SM
MD
LG