Accessibility links

Breaking News

Vwa Fanm: Yon Edisyon Espesyal Nan Okazyon Mwa Fanm yo


Chak ane, mwa mas la konsakre pou yo onore fanm toupatou nan lemond. Jodi a, nan magazin Ti Koze sou Aktyalite, nou vle pran yon ti tan pou nou souliyen travay, defi ak siksè medam yo, e tande opinyon yo sou divès kalte sijè. Se yon omaj, yon kout chapo, nou rele Vwa Fanm. Nan pwogram sa a, nou va tande 7 vwa ki te pase sou antèn nou sa pa gen lontan. Yo reprezante fanm d Ayiti, ak fanm lòt kote. San di pètèt, nou pap ka tande tout, e sa ki te vizite nou yo se senpman yon fraksyon nan latriye fi ki merite plas yo nan Ti Koze sa a.

Nan media, nan politik, nan mond akademik la, nan edikasyon, nan lajistis, nan domèn atis yo, toupatou, fanm yo la. Nan Lavwadlamerik, nou makònen vwa n' ak tout moun ki swete yo yon denmen miyò pandan mwa d mas la e ki onore kontribisyon yo nan sosyete a.

XS
SM
MD
LG