Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 3/24/05


Jamaica/ Football

Federasyon Football Jamayiken an prezante plis prèv bay otorite spòtif Unyon Football Karayib yo kite frape seleksyon Jamayiken yon amand 5000 dola pou tèt li pat renmèt im nasyonal peyi-a pandan tounwa koup Digicel la ki tap dewoule nan la Barbad. Federasyon Jamayiken an di le fè komite òganizatè a te mande ki im nasyonal pou te jwe avan rankont Jamayik / Kuba se yon prèv yo te renmèt im nasyonal Reggae Boyz. Jamayiken yo ap evite peye yon amand 5000 dola Unyon Football Karayib la frape yo. Si yo reyusi non sèlman Jamayiken yo pap peye amand 5 mil dola a men tou responsab yo ap ranbouse yo 1000 dola yo peye pou ale an apèl la. Responsab yo ap diskute dosye a Madi 29 Mas nan biwo òganizasyon Spòtif Rejyonal la genyen nan Port-of-Spain, Trinidad and Tobago.

Responsab klub football angle Chelsea rejte akuzasyon ki vle fè konpran konpòtman yo ta deranje bon fonksyonman football. Responsab yo sèmante yap defann yo jisk mayimi pou rive devan Tribunal Abritaj Spòtif la nan vil Lauzan an Swis. Responsab football Unyon Europeyen an di antrenè Chelsea a Jose Mourinho te akuze antrenè FC Barselòn Olandè Frank Rijkaard ke li ta enfluyanse abit rankont ale Lig dè chanpyon ant Barselòn ak Chelsea sa gen prèske 1 mwa. Chelsea elimine Barselòn nan kous la.

Gadyen d-bu seleksyon franse Fabien Barthez anonse lap pran retrèt li football pwofesyonèl an lan 2006 periòd kontra l ap fini ak Olenpik de Marseille. Barthez ki nan konsantrasyon pou pwochen rankont kalifikatif koup du mond kont Izrayèl semen pwochèn nan fè konnen li gen kè sote le fè ke rankont la ap jwe an Izrayèl e ki li tap pi bon si rankont la ta jwe nan yon lòt peyi.

Basketball

New York Knicks mete fen nan 7 viktwa afile Boston Celtics sot ranpòte. Knicks yo mete do Celtics yo atè ak yon viktwa 107 a 82. Indiana Pacers ranpòte yon viktwa tou mens devan San Antonio Spurs. Reggie Miller make 21 pwen pou mete l ak yon total 25 mil pwen. Nan Los Anjeles-Clippers yo te reziste juskaske yo kale Milwaukee Bucks 116 a 108. Philadephia 76ers pilon-nen Detroit Pistons 107 a 84. Phoenix Suns pat bay Charlotte Bobcats oken chans ak yon viktwa 120 a 105. Chikago Bulls te fè Toronto Raptors monte yon maswife pou l kale l 94 a 85. Minnesota Timberwolves ranpòte yon viktwa tou mens. Dallas Mavericks kale Golden State Warriors 109 a 97.

Olympics 2008

Otorite Chinwa yo prezante plan sekurite pou je zolenpik dete 2008 yo nan Peken.. Dapre plan an otorite yo fè konnen yap sèvi fòs paramilitè, surveyans elektronik e menm travayè nan Depatman Transpò pou ede garanti sekurite pandan dewoulman konpetisyon an. Otorite chinwa yo di yap adopte taktik òganizatè Je Zolempik Atèn 2004 yo te adopte pandan dènye je zolenpik yo tankou rezo video--surveyans. Responsab yo sa pa vle di vil la ap tounen yon fòtrès men pito yon kote atlèt, antrenè ak vizitè ap santi yo an sekurite.

Tennis

Bèlj Kim Clijters ak Ostralyen Mark Philippoussis kap soufri ak yon doulè nan do ap monte sou teren an jodi a nan okazyon tounwa tenis Key Biscayne nan demare an Florid. Klijsters ap rankontre ak Alman Sandra Kloesel nan premye tou tounwa a. Philippoussis ap rakontre ak Bèlj Christophe Rochus. Nan rankont ki deja jwe Grèk Eleni Daniilidou ranpòte devan Italyen Tathiana Garbin 6-3, 4-6,6-1. Daniilidou pral rankontre ak Rus Maria Sharapova ki kalifye otomatikman pou 2 zièm tou a. Gen yon total 128 jwè ap patisipe nan konpetisyon an nan kategori maskulen ak feminen.

XS
SM
MD
LG