Accessibility links

Breaking News

Sekretè-Jeneral L'ONU an Deplore Ka Lanmò MINUSTAH Anrejistre ann Ayiti yo


Minis defans Etazini an, Donald Rumsfeld, deklare efò pou mentni lapè ann Ayiti a ap mache trè byen an jeneral. Msye Rumsfeld fè deklarasyon sa a pandan l'ap pare pou l' vizite plizyè peyi latino-ameriken ki gen sòlda nan fòs lapè LONU an ann Ayiti. Nan kapital peyi Ajantin nan, Msye Rumsfeld rankontre ak minis defans ajanten an, José Papuro jodi a, kote yo fè diskisyon sou efò mentyen lapè a ann Ayiti e sou kesyon pou anpeche peyi yo simaye misil "sol-air," pou zam sa yo pa al tonbe nan men teroris ki kapab sèvi avèk yo pou desann avyon k'ap transpòte pasaje. Pandan minis defans ameriken an te sou rout pou l' al nan peyi Ajantin, li te di jounalis yo fòs MINUSTAH a ap fè yon bon travay ann Ayiti.

Pandansetan, Sekretè jeneral Nasyonzini an, Kofi Annan, aprann avèk anpil lapèn lanmò 2 “casques bleus” nan peyi d Ayiti dimanch ki sot pase la a. Yon sòlda sri lankè ak yon sòlda nepalè mouri, e 3 lòt sòlda srilankè blese nan 2 ensidan separe nan Ti Gwav e nan yon lòt rejyon ant Mibalè e Tè Wouj.

Selon pòtpawòl Sekretè Jeneral la ann Ayiti , ensidan sa yo rive nan moman sòlda MINUSTAH yo ak Polis Nasyonal la tap mennen yon operasyon pou deloje eleman ame ki te okipe ilegalman yon pòs polis depi mwa out 2004.

Gen 2 nèg ame ki pèdi lavi yo tou nan boukantaj kout zam yo. Menm operasyon delojman sa a te fèt tou nan rejyon Tè Wouj, nan zòn Plato Santral.

Klike sou ralonj (lyen) ki anlè paj sa a pou w ka tande prensipal nouvèl jounen an. Ou va tande plizyè korespondan (Rotchild François, Jr., Galilée Périlus, Duc Jonathan Joseph ak Jn-Christophe Collègue) non sèlman sou dosye militè demobilize yo, men tou sou lòt pwen k'ap fè aktyalite nan peyi d Ayiti madi 22 mas 2005 la.

XS
SM
MD
LG