Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 3/22/05


Basketball

New York Knicks toujou nan lut pou youn nan plas ki disponib pou faz final la gras ak yon viktwa 88 a 75 yo ranpòte devan San Antonio Spurs. Orlando Majik dèyè yon plas tou menm lè yo tonbe 102 a 97 devan Charlotte Bobscats ki mete fen nan 10 defèt. Dallas Mavericks danse sou New Orleans Hornets 103 a 86. Chikago Bulls te fè anpil efò avan li kale Atlanta Hawks 105 a 91 epi Los Anjeles Clippers woule Portland Trail Blazers 96 a 89.

Tennis

Òganizatè tounwa tenis Key Biscayne yo ap kòmanse tounwa a san patisipasyon Ostralyen Lleyton Hewitt kap soufri ak yon blesu.

Football

Fanatik footbal yo nan Chikago pral gen opòtunite pou asiste yon match football ant Meksik ak Polòy--yon zòn ki chaje ak imigran tou 2 peyi yo. Match la ap jwe an leve-d-rido 27 Avril avan rankont ant Chikago Fire ak New England Revolution--2 seleksyon yo ap sèvi ak rankont kòm match chofe jarèt pou eliminatwa koup du mond Almay 2006 la.

20 jwè ki fè pati seleksyon football franse a ap reyuni jodi a pou kòmanse preparasyon pou match kalifikatif koup du mond kont la Swis 26 Mas epi Izrayèl le 30 Mas. Antrenè seleksyon an, Raymond Domenech, konvoke footballè kap jwe nan plizyè chanpyona sou kontinan Europeyen an.

Prezidan FIFA a Sepp Blatter mande pou pawòl rasit kaba nan tout stad football sou tè-a--dapre yon komunike. Deklarasyon sa a fè kèk apre FIFA mete sou pye yon komite pou ede konbat rasis kap devlope nan stad yo.

An Almay yon seri de medya alman pase an derizyon maskòt ofisyèl koup du mond Almay 2 mil 6-la ki rele Goleo VI pandan ke publik Angle a kwè pèsonaj la ki se fotokopi Willy le Lion te pote chans pou Angle yo an 1966--lè yo te kale Almay 4 a 2 pou ranpòte trofe a. Footbalè Franz Beckenbauer ak Brezilyen Pele te prezante logo a bay publik la an lan 2004.

Fanatik football yo gen tan achete anviwon 59 mil plas nan espas 80 minit pou match retou Lig dè Chanpyon Europeyen ant Bayern de Munich ak Chelsea ki fikse pou 12 Avril--sa vle di match la dewoule ak tout pòt fèmen menm situasyon pou match ale kap dewoule nan Stad Stanford Bridge la an Angletè kote tout 42 mil plas yo finn vann. Match sa a fikse pou 6 Avril.

WADA / Atletisme

Ajans Anti Dopaj Mondyal la di li pare pou l ale an apèl devan Tribunal Abitraj la ki baze nan vil Lauzan an Swis konsènan dosye kourè Grèk Costas Kenteris ak Ekaterini Thanou si Federasyon Atletis Amatè Entènasyonal pa ale an apèl apre desizyon federasyon nasyonal Grèk la pran pou l jwen 2 atlèt yo inosan kòm kwa yo pat vyole règleman anti dopaj. Costas Kenteris ak Katerini Thanou te anba akuzasyon apre yo pat prezante pou yon tès anti dopaj avan dewoulman Je zolempik Atè n 2004 yo. Federasyon Grèk ap juje 2 atlèt yo nan fen ane a pou tèt yo ta envante yon aksidan. Antrenè Christos Tsekos resevwa yon sispansyon 4 tran pou tèt li pat enfòme atlèt yo sou tès anti dopaj la.

XS
SM
MD
LG