Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 3/21/05


Football

Lyon kale Strasbourgh 1 a 0 pou-l pran tèt klasman chanpyona football franse a 11 pwen devan Marseille. Club Football Angle Chelsea ranfòse pozisyon nan tèt chanpyona Angle a apre viktwa 4 a 1 li ranpòte devan Crystal Palace. An Itali Milan A-C kale A S Rom 2 a 0 pandan ke Juventus de Turen ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan Reggina. Juventus de Turen ak Milan A-C pataje premye plas la ak 66 pwen yo chak. Inter de Milan klase 3 zièm ak 50 pwen. An Espay viktwa 1 a 0 Barselòn ranpòte devan Deportivo La Corogne pèmèt li rete nan tèt klasman an ak 68 pwen swa 11 pwen devan Real Madrid ki kale Malaga 1 a 0 yè Dimanch la. Ronaldo te move kout kong apre fanatik yo te bat chalbari dèyè l.

20 jwè ki fè pati seleksyon football franse a ap reyuni demen Madi a pou kòmanse preparasyon pou match kalifikatif koup du mond kont la Swis 26 Mas epi Izrayèl le 30 Mas. Antrenè seleksyon an, Raymond Domenech, konvoke footballè kap jwe nan plizyè chanpyona sou kontinan Europeyen an.

Prezidan FIFA a Sepp Blatter mande pou pawòl rasit kaba nan tout stad football sou tè-a--dapre yon komunike. Deklarasyon sa a fè kèk apre FIFA mete sou pye yon komite pou ede konbat rasis kap devlope nan stad yo.

An Almay yon seri de medya alman pase an derizyon maskòt ofisyèl koup du mond Almay 2 mil 6-la ki rele Goleo VI pandan ke publik Angle a kwè pèsonaj la ki se fotokopi Willy le Lion te pote chans pou Angle yo an 1966--lè yo te kale Almay 4 a 2 pou ranpòte trofe a. Footbalè Franz Beckenbauer ak Brezilyen Pele te prezante logo a bay publik la an lan 2004.

Yon lòt kote footbalè Brezilyen Luis Fabiano kap jwe nan F C Porto fè konnen li ta renmen make yon gòl nan non manmann ke nèg ame pran an otaj pandan li ta pral wè yon vwazin. DApre nouvèl yo se 3 zièm fwa nan yon espas de 4 mwa ravisè fè dap-piyanp sou manman yon footbalè Brezilyen.

An Almay fanatik football yo gen tan achete anviwon 59 mil plas nan espas 80 minit pou match retou Lig dè Chanpyon Europeyen ant Bayern de Munich ak Chelsea ki fikse pou 12 Avril--sa vle di match la dewoule ak tout pòt fèmen menm situasyon pou match ale kap dewoule nan Stad Stanford Bridge la an Angletè kote tout 42 mil plas yo finn vann. Match sa a fikse pou 6 Avril.

Unyon football Europeyen an kòmanse yon pwosedu disiplinè kont klub Angle Chelsea, antrenè ekip-la Jose Mourinho, asistan antrenè-a Steven Clarke ak responsab sekurite klub la apre yo te lage vèni sou match football nan okazyon rankont F-C Barselòn ak Chelsea 23 Fevriye. Komisyon disiplinè UEFA pral ekzamine dosye Chelsea a 31 Mas nan Nyon an Swis.

Selon atik 5 règleman disiplinè yo, klub yo, jwè, antrenè ak dirijan dwe gen yon konpòtman ki makonen ak loyote, entegrite ak fair play--mezu disiplinè yo vize kontravansyon pou moun kap jete diskredi sou football la an jeneral.

Federasyon football Vyetnam nan nonmen Otrichen Alfred Riedl kòm antrenè seleksyon nasyonal football peyi-a. Sa fè pou la 3 zièm fwa Riedl pran tèt seleksyon-an apre 1998 e 2003. Riedl ranplase Brezilyen Edson Tavares ki te fòse bay demisyonn ak rakle 3 a 0 seleksyon an sot pran nan men Endonezi pandan premye tou Koup Tig Azyatik la. Sa fè 9 vièm antrenè Vyetnam genyen nan yon espas de 10 zan nan moman peyi a ap chache ranpòte yon konpetisyon rejyonal ou byen kalifye pou yon koup du mond.

Tennis

Nan Tennis Swis Roger Federer, ki sot ranpòte tounwa tenis Indian Wells la an Kalifòni, --4 tit pou ane a-- toujou klase numewo 1 mondyal dapre klasman ATP ki publiye jodi-a. Ameriken Andy Roddick, Ostralyen Lleyton Hewitt, Rus Marat Safin, Espayòl Carlos Moya, Britanik Tim Henman, Arjanten Guillermo Coria, ameriken Andre Agassi, David Nalbadia ak Gaston Gaudio konplete lis 10 meyè jwè tenis maskulen sou tè-a.

Bò kote medam yo ameriken Lindsay Davenport klase numewo 1 mondyal feminen. Amelie Mauresmo, Anastasia Myskina, Maria Sharapova, Svetlana Kuznetsova, Elena Dementieva, Serena Williams, Justine Henin, Venus Williams ak Jennifer Capriati konplete lis 10 premye jwè tenis mondyal feminen an.

Atletisme

Ajans Anti Dopaj Mondyal la di li pare pou l ale an apèl devan Tribunal Abitraj la ki baze nan vil Lauzan an Swis konsènan dosye kourè Grèk Costas Kenteris ak Ekaterini Thanou si Federasyon Atletis Amatè Entènasyonal pa ale an apèl apre desizyon federasyon nasyonal Grèk la pran pou l jwen 2 atlèt yo inosan kòm kwa yo pat vyole règleman anti dopaj. Costas Kenteris ak Katerini Thanou te anba akuzasyon apre yo pat prezante pou yon tès anti dopaj avan dewoulman Je zolempik Atè-n 2004 yo. Federasyon Grèk la lage tout responsabilite a sou do antrenè mesye da-m yo Christos Tsekos ki sispann pou 4 tran pou tèt li pat enfòme atlèt yo sou tès anti dopaj la.

Kourè Etyopyen Kenenisa Bekele ranpòte pou yon 4 trièm ane youn dèyè lòt chanpyona Mondyal Cross Country ki tap dewoule an Frans. Etyopyèn Tirunesh Dibaba ranpòte kategori feminen an.

Basketball /Universitaire

Fanatik basketball yo pran yon sezisman apre North Carolina pouse do chanpyon sòtan an Connecticut ak yon viktwa supriz 65 a 62. Univèsite ki klase pou 8 tièm de final nasyonal ou byen semi final rejyonal la an plis de North Carolina, Duke, North Carolina University, Oklahoma State, Georgia Tech, Villanova, Michigan State ak Wisconsin. Univèsitè yo ap remonte teren an Jedi ak Vandredi. Semi final Nasyonal fikse pou Samdi 2 Avril epi Final la fikse pou 4 Avril nan Saint Louis Missouri.

Bò kote pwofesyonèl yo Phoenix Suns pase yon vitès superyè pou l ranpòte yon viktwa tou mens devan Memphis Grizzlies 97 a 91. San Antonio Spurs tonbe devan Detroit Pistons 110 a 101. Detroit klase 2 zièm nan konferans de Lès la dèyè Miami Heat ak 42 viktwa 23 defèt. Miami Heat gen 52 viktwa 16 defèt. Los Anjeles Lakers sou wout pou l pa kalifye pou faz final la pou la premyè fwa depi 11 zan apre defèt 102 a 100 li subi devan Seattle Supersonics. Lebron James tounen pi jè- n jwè nan istwa lig la ki make 50 pwen nan yon sèl rankont malgre Cleveland pèdu devan Toronto Raptors 105 a 98. New Jersey Nets pat rankontre twòp difikilte pou l kale Indiana Pacers 94 a 85. Minnesota Timberwolves danse sou Houston Rockets 94 a 86 epi Golden State Warriors geri bosko l sou Sakramento Kings.

XS
SM
MD
LG