Accessibility links

Breaking News

Plizyè Moun Mouri Nan Yon Operasyon L'ONU nan Ti-Gwav


Vil Ti-Gwav, ki sou yon distans 68 kilomèt alwès kapital Ayiti a, Pòtoprens, leve maten an ak yon kalm plen ak tansyon, pandan otorite MINUSTAH ak eleman polis nasyonal la pran kontwòl sekirite a, yon jou apre yo te lanse yon operasyon pou deloje ansyen militè yo nan lokal komisarya polis la.

Bilan nou jwenn jiskaprezan bay 2 mò nan kan MINUSTAH ak 2 mò nan kan militè ayisyen yo, san konte plizyè blese. Associated Press rapòte omwen 20 arestasyon.

Majistra-Adjwen vil Ti Goav la, Montigène Sincère, di Lavwadlamerik gen plis pase 200 solda Nasyonzini ki te patisipe nan operasyon pou repran kontwòl komisarya vil la ke militè demobilize yo te okipe depi mwa Out ane pase. Kès sous fè konnen ansyen militè yo te gen yon delè pou yo remèt komisarya a, men sòlda L'ONU yo te lanse atak la anvan delè a te bout. Sepandan, Kòmandan fòs MINUSTAH a demanti pawòl sa a e li lage responsablite evènman dimanch la sou do militè demobilize yo.

XS
SM
MD
LG