Accessibility links

Breaking News

Lidè Yon Oganizasyon Dwa Moun Pwopoze Liberasyon Yvon Neptune


Direktè gwoup dwa moun ki rele NCHR la (National Coalition for Haitian Rights ki vle di Kowalisyon Nasyonal pou Dwa Ayisyen) kritike fason lajistis nan peyi d Ayiti ap jere dosye Yvon Neptune nan.

Johnny McCally di Lavwadlamerik gouvènman Latortue a kenbe ansyen dirijan Lavalas la nan prizon yon fason ki pa konfòm ak ni lwa peyi a ni prensip entènasyonal.

Msye McCalla bay lide pou otorite yo ta chache yon fason pou yo libere Yvon Neptune, swa pou mete li "en résidence surveillée" oswa pou lage li sou kosyon ak obligasyon pou li rete aladispozisyon aparèy jidisyè a. Sepandan, responsab NCHR la rekonèt ke politikman se yon dosye ki difisil pou gouvènman pwovizwa a.

XS
SM
MD
LG