Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 3/17/05


CONCACAF

D-C United kalifye pou semi final chanpyona KONKAKAF dè klub chanpyon ak vis chanpyon apre yo kale klub Jamayiken Habor View 2 a 1 yè swa nan Kingston Jamayik. Bolivyen Jaime Moreno make youn nan gòl yo. D-C United te ranpòte match ale a 2 a 1. Pumas UNAM, ki se yon klub Meksiken kalifye pou semi final la apre yo kale CD Olempia 2 a 1 nan pwolongasyon. 2 ekip yo te fè match nul 1 a 1 nan match ale a. CSD Municipal de Gwatemala fè match 0 a 0 ak Monterrey. Nan Match ale a Monterrey te ranpòte l a 0. Deportivo Saprissa ap akeyi Kansas City Wizards nan dènye match kar de final la aswè a. D-C United ap akeyi Pumas UNAM epi CF Monterey ap akeyi venkè rankont ant Deportivo Saprissa / Kansas City Wizards la le 6 Avril.

Klub Angle Newcastle kalifye pou kar de final Koup UEFA gras a 2 gòl Alan Shearer make nan viktwa 4 a 0 Newcastle ranpòte devan Olympiakos. Jodi a gen 5 match--Atansyon fanatik yo pral konsantre sou rankont klub Italyen Parma ak klub Espayòl Seville nan 8 tièm de final retou chanpyona Europeyen an. Gen Oksèr kap resevwa Lille. Auxere te ranpot̀e match ale a 1 a 0.

An Almay prezidan Komite òganizatè koup du mond Almay 2 mil 6 la Franz Beckenbauer pa ekate posibilite pou l poze kandidatu l pou l ta chache pòs prezidan Football Europeyen an dapre nouvèl ki publiye nan la près men pazavan aktyèl prezidan an Swedwa Lennart Johnson pa di aklè si l pral dèyè yon lòt manda. Michel Platini anonse li pral dèyè pòs Lennart Johansson nan tou. Dapre sous, ki pwòch lig football ameriken an, footbalè Angle David Beckham kapab louvri yon akademi football nan fen ane nan Carson Kalifòni.

Venezuela Federasyon football Venezuela a rezoud yon diskusyon elektoral ki te prèske kapote seleksyon an de tout aktivite entènasyonal. Alejandro Sanchez Martorelli abandone efò li tap fè pou-l te nonmen nan tèt federasyon an apre li te ale nan tribunal pou l te mande ogmantasyon kantite manb federasyon an. Règleman FIFA entèdi federasyon ale ale nan tribunal pou rezoud pwoblèm entènn. FIFA mande pou eleksyon yo dewoule 19 Mas--eleksyon si l pa fèt ap konplike situasyon Venezuela nan eliminatwa koup du mond Almay 2006 pou zòn Amerik du Sud la. Venezuela, ki gen pou rankontre ak Kolonbi 26 Mas epi Bolivi 29 Mas, klase an 9 vièm pozisyon ak 13 pwen dèyè Paragwe ak Ekwatè.

Etazuni ap rankontre ak Angletè le 28 Me nan kad preparatif pou eliminatwa koup du mond zòn KONKAKAF la avan yal rankontre ak Kosta Rika le 4 Jwen epi Panama le 8 Jwen.

Atletisme

Se demen Vandredi Federasyon Atletis Grèk la ap anonse desizyon sou dosye dopaj ki te enplike atlèt Grèk Costas Kenteris ak Ekaterini Thanou ansanm ansyen antrenè Christos Tzekos

NBA

Milwaukee Bucks ranpòte yon viktwa 96 a 88 devan Cleveland Cavaliers malgre Lebron James make 34 pwen. Washington Wizards te pase yon bon moman nan Atlanta kote yo kale ekip lokal la Atlanta Hawks 122 a 93. Gilbert Arenas make 29 pwen pandan ke Larry Hughes ajoute 23 nan efò Wizards yo ap fè pou kalifye pou faz final la.. Houston Rockets danse sou Portland Trailblazers 108 a 77. Chikago Bulls tonbe devan New Jersey Nets 100 a 84. Indiana Pacers pilonnen Utah Jazz 103 a 84. Los Anjeles Clippers te fè anpil efò avan li kale Orlando Majik 110 a 102. Chanpyona Nasyonal Univèsitè demare jodi a.

XS
SM
MD
LG