Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 3/15/05


NBA

Boston Celtics pase yon vitès superyè pou l ranpòte yon viktwa 119 a 110 devan Charlotte Bobcats. Dwayne Wade make 29 pwen pandan ke Shaquille O’Neal ajoute 21 pwen nan rakle 110 a 71 Miami Heat ranpòte devan Milwaukee Bucks--Viktwa ki mete Miami ak yon rekò 49 viktwa 16 defèt. Houston Rockets ranpòte 5 kièm viktwa afile l devan Golden State Warriors 97 a 94. Memphis Grizzlies danse sou Portland Trail Blazers 104 a 83-viktwa ki konsidere kòm yon revanch rankont Samdi ant 2 ekip yo-Portland te ranpòte rankont la 80 a 66. Washington Wizards pase Los Anjeles Lakers yon swif 95 a 81. San Antonio Spurs pilon-nen New Orleans Hornets 112 a 89. Detroit Pistons te bezwen pwolongasyon pou l kale Atlanta Hawks 114 a 108.

Football

Se jodi a nap konnen dènye kalifye pou kar de final chanpyona Lig dè Chanpyon Europeyen an lè FC Porto ap rankontre ak Inter de Milan kap rankontre an Stad San Siro a an Itali. 2 ekip yo te fè match nul 1 a 1 nan match ale a. 2 ekip ki pa byen klase nan chanpyona lokal yo. Inter de Milan ap tren-nen ak 16 pwen dèyè lidè chanpyona Italyen Milan A C ak Juventus de Turen tandike F C Porto pral jwe rankont la apre defèt 4 a 0 li sot subi devan Nacional--defèt ki fè l ap tren-nen dèyè Benfica de Lisbòn. Jodi a seleksyon feminen ameriken an ap rankontre ak Almay nan final koup Algarve la kap dewoule nan Portugal. Abit entènasyonal Swedwa Anders Frisk anonse FIFA lap pran retrèt li apre li finn abitre 118 match entènasyonal. Pami rezon li di ki eksplike desizon brid soukou a se menas li di lap resevwa apre match kar de final ant Chelsea ak Barselòn--pandan rankont sa-a msye te bay atakan Chelsea Didier Drogba 2 katon jòn epi mete deyò nan rankont la.

Baseball / Steroids

Kongrè ameriken an konvoke 7 jwè baseball ( ansyen ak nouvo) pou vinn fè depozisyon Jedi sou dròg steroyid ke yon seri de jwè baseball ap konsome pou pèmèt yo an fò sou teren an. Plizyè nan jwè yo di yo pap prezante devan manb Kongrè a ki menase yo kapab ale nan prizon pou 12 mwa si yo pase anba pye konvokasyon an.

2012 Olympics

Responsab yo ap chache konvenk delegasyon Evaluasyon komite Olenpik Entènasyonal la pou wè si yo ta pèmèt Moscou òganize je zolenpik yo an lan 2012.

Boxing

Pwomotè boks ameriken Don King anonse batay ki ta pral mare ant chanpyon an tit Konsèy Mondyal Boks la, Ukreyen Vitali Klitscheko ak ameriken Hasim Rahman 30 Avril nan Madison Square Garden nan New York kapab pa dewoule ankò apre boksè Ukrenyen an pran yon zòbòy. Òganizatè yo ap chache wè si rankont la kapab dewoule 18 Jwen ou byen yon lòt dat nan menm mwa a.

XS
SM
MD
LG