Accessibility links

Breaking News

Pap Jan-Pòl II Retounen Nan Vatikan


Apre 17 jou nan lopital Gemelli, nan vil Rome, Chèf Legliz Katolik mondyal la, Pap Jan-Pòl II, retounen nan Vatikan jodi a e, pou lapremyè fwa depi yo te entène li lopital la, li pale ak fidèl yo.

Souvren Pontif la remèsye peleren ki te vin wè li e ki tap chante ann italyen Viva il Papa (Viv Lepap). Apre sa, youn nan asistan n' yo, yon achevèk, te li mesaj dimanch 13 mas la nan non Jan-Pòl II. Nan mesaj sila a, Pap la remèsye media yo pou repòtaj yo te fè sou sejou li nan lopital la. Li di sa te pèmèt fidèl toupatou nan lemond rete pre Sen Pè a e akonpaye l avèk afeksyon yo ak lapriyè yo.

Pap la di li swete wè anpil jèn dimanch pwochen nan seremoni Dimanch Ramo, sou Plas Sen-Pyè a. Vatikan poko anonse kouman Lepap pral patisipe nan aktivite semèn sent la.

XS
SM
MD
LG