Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 3/9/05


NBA

Mike Bibby kap jwe nan Sakramento King make 3 pwen mwens ke 2 sekond pou tan reglemantè a fini e pèmèt Kings yo ranpòte la viktwa 85 a 82 devan Memphis Grizzlies malgre antrenè Memphis la di revèy la te kanpe. Cleveland Cavaliers tronse Orlando Majik 111 a 92 gras ak Lebron James ak Drew Gooden ki make 23 pwen yo chak. Golden State Warriors suprann Philadelphia 76ers ak yon viktwa 104 a 85. Washington Wizards tonbe devan New York Knicks 93 a 83.San Antonio Spurs ranpöte yon bèl viktwa devan New Jersey Nets 90 a 74.

Chinwa Wang Zhi-Zhi kap jwe nan Miami Heat ap pran yon repo dapre doktè yo ki di msye ap soufri ak yon pwoblèm respiratwa. Yon kout je nan klasman kèk semen apre debu 2 zièm mwatye sezon an. Miami Heat gen pibon palmarès nan Konferans de Lès la 46 viktwa 16 defèt swa 6 match an plis de chanpyon sòtan an Detroit Pistons. Situasyon an diferan nan Konferans de Lwès la San Antonio Spurs gen yon palmarès 46 viktwa 13 defèt epi Phoenix Suns 46 a viktwa 14 defèt.

Football / CONCACAF

Se jodi a kar de final ale chanpyona Konkakaf dè klub chanpyon e vis chanpyon ap demare Puma du Meksik kont CD Olempia du Honduras. D.C United kont klub Jamayiken Habour View. C F Monterey kont CSD Municipal de Gwatemala. Kansas City Wizards kont Deportivo Saprissa. Match retou a fikse pou Mèkredi pwochen.

FIFA anonse zòn KONKAKAF la pral gen yon lòt plas nan pwochen koup du mond feminen Juniò ki gen pou dewoule nan la Rusi--rezonn an se akoz chanpyona du mond la ap pase de 12 a 16 peyi an lan 2 mil 6. Komite ekzekutif FIFA a anonse Kore du Sud ap òganize pwochen koup du mond kadè a an lan 2007 ak patisipasyon 24 peyi. Konkakaf ap gen 4 reprezantan.

Yon gòl tèt kapitèn ekip Angle Chelsea make nan 2 ziém mitan e ki soulve anpil pale men ki pèmèt Chelsea elimine Barselòn ak yon viktwa 4 a 2 nan 8 tièm de final retou Lig dè champyon Europeyen an gras ak diferans gòl. Milan A-C mete fen nan demach Manchester United tap fè pou-l ranpòte tit konpetisyon gras ak yon viktwa 1 a 0. Klub Franse Lyon pase nan kar de final apre li wonfle klub Alman Werder de Brem 7 a 2. Jodi a gen 4 lòt rankont Juventus kont Real Madrid. Bayern de Munik kont Arsenal, Liverpool kont Baryer Leverkusen epi Monaco kont PSV Eindoven. 15 Mas Porto kont Inter de Milan. Kar de final Lig dè Chanpyon Europeyen an ap demare 5 Avril ak match retou a fikse pou 12 a 13 Avril. Semi final la fikse pou 26 e 27 Avril, 3 e 4 Me. Final ap jwe nan Istanbul le 25 Me.

XS
SM
MD
LG