Accessibility links

Breaking News

Migrasyon Nwa Ameriken sou Sit NYPL.ORG


Sa pa gen lontan, Blibliyotèk Piblik New York la te lanse yon nouvo ekspozisyon ekstraòdinè sou twal la, nou vle di sou Web la, yon ekspozisyon ki konsidere vi nwa yo, vi Afro-Ameriken yo, kòm yon seri migrasyon, yon seri deplasman soti yon kote pou ale yon lòt kote. Responsab bilbiyotèk la rele li “In Motion: The African-American Migration Experience” --An Mouvman: Eksperyans Migratwa Afro-Ameriken yo.

Sou sit web n’ap prezante jodi a, nypl.org, yo eksplike ke premye nan gwo deplasman sa yo te tanmen sa gen plis ke 5 syèk avèk sa Fransè a rele La Traite des Noirs, Komès Esklav atravè oseyan Atlantik la. Se te yon deplasman fòse. Sepandan nan pifò ka migrasyon nwa yo te volontè. Se te mouvman afriken ameriken ki te pran wout yo, tren, ak batiman, pou yo te bouske yon lavi miyò.

Howard Dodson se responsab Sant Schomburg pou Rechèch sou Kilti Nwa a, kidonk sant nan Bibliyotèk Piblik New York la ki alabaz ekspozisyon sou Entènèt la. Li di: “Depi twò lontan deja moun ekri istwa eksperyans afro-amerikèn nan tankou istwa nou-menm kòm viktim, istwa sa zòt fè nou sibi. Ak migrasyon an, ou ka kòmanse wè sa moun ki gen orijin afrikèn te reyalize pou pwòp tèt pa yo. Msye Dodson kontinye pou li di, “Pandan twazan egzistans pwojè a nou rive rasanble 25-mil paj ---16-mil ki gen tèks ak 8-mil ki gen foto--- pou n’te ka antre nan nannan istwa sa-a ki vrèman remakab.

Ou ta renmen tande tout repòtaj la? Klike sou ralonj ki anwo atik sa a.

XS
SM
MD
LG