Minis Sekirite Nasyonal Jamayik la di se 10 Ayisyen e non 15 ki disparèt nan sant detansyon Winnifred la, sou kòt Ès zile a. 170 ayisyen fèmen nan sant sa a nan Jamayik, pami yo yon dènye gwoup ayisyen ki te debake vandredi pase a.
Ane pase, apre dechoukaj rejim Lavalas la, plizyè santèn refijye ayisyen te rive Jamayik, kote yo te jwenn konkou gouvènman Patterson nan ak enstitisyon entènasyonal tankou Komisarya L'ONU pou Refijye yo. Depi kòmansman ane 2005 la, 217 refujye ayisyen debake nan la Jamayik. Gwoup sa a ki gen yon total 58 moun ladann-- 9 fi ak 9 ti moun piti-- te rive sou zile a vandredi 4 mas la, nan moman ministè nasyonal Sekirite a mete yon envestigasyon sou pye pou detèmine rezon ki lakòz kantite ayisyen kap debake nan Jamayik yo ogmante.
Marie-Luce Pierre li repòtak korespondan nou an nan Kingston, Gillian Haughton.