Plizyè sektè ap leve lavwa pou mande otorite ayisyen yo pa kite ansyen Premye-Minis Yvon Neptune ale nan peyi etranje pou li resevwa swen sante. Okontrè, yo ta vle pou ansyen lidè Lavalas la suiv tretman ann Ayiti, annatandan li reponn devan lajistis pou wòl li nan masak La Scierie a, bò vil Sen-Mak, sa gen plis ke yon lane.
Nou gen 2 repòtaj sou dosye a: Duc Jonathan Joseph, depi vil Gonayiv, di nou reprezantan Sosyete Sivil la pa dakò pou msye Neptune pati. Galilée Périlus, ki nan Sen-Mak, rapòte deklarasyon Premye-Minis Gérard Latortue fè lendi 7 mas la nan Pont-Sondé, kote li demanti rimè ki fè kwè kominote entènasyonal la ap ba li presyon pou li libere Yvon Neptune.
Klike sou ralonj ki anlè tèks sa a pou w ka tande 2 repòtaj sila yo.