Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 3/7/05


Koup Davis/ Tennis

Fanatik tenis Kwat yo ap selebre viktwa ekip Koup Davis la ranpòte devan Etazuni week-end sa a nan Kalifòni. Viktwa ki pèmèt Kwat yo pral rankontre ak Woumani an Juyè pwochen nan kar de final la. Woumani elimine Belarus 3 a 2. Slovaki suprann chanpyon sòtan an Espay ak yon viktwa 4 a 1 pou l rankontre ak la Oland ki an retou elimine la Swis 3 a 2. Lòt venkè nan group mondyal la se Ostrali ki danse sou Otrich 5 a 0 pou l al rankontre ak Arjantin ki elimine Republik Tchèk. La Rusi pase nan kar de final la gras ak yon viktwa yo ranpòte 4 a 1 devan Chili. Rus yo pral rankontre ak la Frans ki ranpòte yon viktwa supriz la Swèd.

Football/ UEFA

Unyon Football Europeyen mande Pòtugè Jose Mourinho pou konsantre sou djòb antrenè klub Angle Chelsea olye pou-l ap foure bouch li nan fason òganizasyon Football Europeyen an seleksyone abit yo. Kòmantè sa-a fè apre msye Mourinho te plenyen kont antrenè Barselòn nan Frank Rijkaard te bay kèk blag ak abit Anders Frisk pandan 2 zièm mitan rankont koup dEuròp ant Chelsea ak Barselòn-rankont Barselòn te ranpòte. CN-83 MARADONA Ansyen Footballè Arjanten Diego Maradona ap rekupere apre li finn subiyon operasyon Samdi nan yon lopital nan Kolonbi.

U-20 / Koup du Monde

Arjantin tonbe nan group lanmò nan kad chanpyona mondyal Juniò nan la Oland. Arjantin nan group D-a ansanm ak Almay, Etazuni, Ejipt. Arjanten yo ranpòte 3 tit nan 5 dènye edisyon koup du mond Juniò a, ap louvri konpetisyon an fas ak Etazuni 11 Jwen. Tounwa a ap kòmanse 10 Jwen pou l fini 2 Juyè. Brezil ki ranpòte konpetisyon an 4 fwa figure nan group 4 la ansanm ak Nijerya, Kore du Sud ak la Swis. Nan group C a gen ladann Espay, Maròk, Chili ak Honduras. Group A a nou jwen Chili, Japon, Benen ak Ostrali.Turki, la chin, Ukrèn ak Panama an group B a epi nan Group E a nou jwen Kolonbi, Itali, la Siri ak Kanada.

L.A. Marathon

Kourè Kenyan Mark Saina ranpòte maraton Los Anjeles la ke li kouvri an 2 zè-9 minit-35 sekond. Nan divizyon chèz woulant la Ostralyen Kurt Fearnley suprann Saul Mendoza ki ranpòte konpetisyon an 6 fwa.

NBA

Minnesota Timberwolves supran Boston Celtics ak yon viktwa supriz 99 a 97--viktwa ki bay nouvo antrenè Kevin McHale yon satisfaksyon kont yon ekip li pase 13 zan ap jwe. McHale ede Boston Celtics ranpòte 3 tit NBA. Houston Rockets pwofite absans Michael Finley ak Dirk Nowitzki pou l danse sou Dallas Mavericks 90 a 69. Toronto pase sou New Orleans Hornets 95 a 84. Tim Duncan pran yon zòbòy nan viktwa San Antonio Spurs ranpòte devan Utah Jazz 101 a 94. Sakramento Kings, New York Knicks, Miami Heat ak Los Anjeles Lakers ranpòte la viktwa nan rankont yo jwe yè Dimanch-la.

Supriz pami univèsitè yo lè Ohio State ranpòte yon viktwa de justès devan numewo 1 univèsitè yo Illinois 65 a 64. Defèt la mete fen nan dominasyon Illinois pami Univèsitè yo ki sot ranpòte 29 viktwa. Nan Atlantik Konferans la North Carolina ranpòte yon viktwa de justès devan Duke 75 a 73 pou l ranpòte tit Konferans la epi klase kòm tèt de seri tounwa basketball Nasyonal Mas an foli. Nan yon match ki te pòv an pwen men enteresan an defans Florida kale Kenturky 53 a 52. Missouri konsole l sou Kansas 72 a 68.

XS
SM
MD
LG