Accessibility links

Breaking News

Reprezantan Sekretè-Jeneral L'ONU an ann Ayiti Mande Yon Antant Nasyonal Pou Eleksyon yo Ka Reyisi


Nan peyi dAyiti, pa gen nouvèl gwo zak vyolans weekend sa a, men tansyon an rete byen wo nan moman deba ap kontinye nan klas politik la sou avni gouvènman Latortue a.

Pandansetan, kòmantè ap miltipliye tou sou deklarasyon depaman ki ta fè konprann tanto se lapolis ki te tire sou manifestan Lavalas 28 fevriye pase a, tanto se twoup MINUSTAH.

Reprezantan Sekretè-Jeneral L'ONU an ann Ayiti, Chilyen Juan Gabriel Valdes, lanse yon apèl bay lidè politik yo ak Sosyete Sivil la pou yo bliye enterè pèsonèl e chache sa li rele yon antant nasyonal ki va pèmèt bon jan eleksyon dewoule nan mwa oktòb ak novanm 2005 la.

Epitou, sou kesyon pou konnen si gouvènman Latortue a dwe rete sou pouvwa a, nou reyalize yon interview ak ansyen Majò e ansyen Senatè Danny Toussaint, ke ou kapab koute si ou klike sou ralonj (lyen) ki anwo atik sa a.

XS
SM
MD
LG