Anplis ansyen premye minis Yvon Neptune k’ap fè yon grèv grangou pandan l nan prizon, genyen tou ansyen minis enteryè Jocelerme Privert. Ki konsekans grèv sa a genyen sou pwosè 2 prevni yo? Jounalis Rony Mathieu bay detay nan mikro kolaboratè nou Fred Williams.
Yon otorite relijye ann Ayiti mete akote demand kap fèt pou gouvènman pwovizwa a demisyone. Sepandan, lidè relijye a fè konnen gouvènman an dwe fè plis pou garanti sekurite peyi a. Korespondan nou Renan Toussaint gen plis detay.