Responsab Polis Nasyonal Ayiti a bay vèsyon pa yo sou endidan lendi pase yo kote 2 patizan ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide te pèdi lavi yo anba bal nan Pòtoprens apre entèvansyon Lapolis. 2 viktim yo tap patisipe nan yon manifestasyon pou make premye anivèse chut rejim Lavalas la ak depar lidè yo a an'n ekzil pou Afrik Di Sid. Nan yon konferans pou laprèss mèkredi apre midi 2 mas la, pòtpawòl Polis Nasyonal la, Jessie Cameau Coucou, di se pa polisye ayisyen ki tire e touye sipòtè Lavalas yo.
Ale sou lyen anlè atik la pou' w koute repòtaj Rotchild François jr. prepare sou dosye sa a.