Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 3/2/05


CONCACAF/ Koup dò

Responsab yo nan KONKAKAF la anonse tiraj osò final Koup dò KONKAKAF la ki gen pou dewoule isit Ozetazuni. Group A, kap jwe nan stad Orange Bowl la nan Miami gen ladan Honduras, Panama, Trinidad and Tobago ak Kolonbi. Nan group B a kap jwe Seattle ak Gilette Stadium gen ladan Kosta Rika, Kanada ak Etazuni ak Kuba.

Group C a kap jwe nan Carson an Kalifòni gen ladann Afrik du Sud, Jamayik, Gwatemala ak Meksik.

Afrik du Sud ak Kolonbi se 2 envite espesyal nan konpetisyon ki dewoule chak 2 zan.

NBA

Memphis Grizzlies ranpòte yon viktwa de justès devan Golden State Warriors 99 a 97. Nan Philadelphia Allen Iverson make 48 pwen pou l ede Philadelphia 76ers ranpòte yon viktwa 118 a 111. Chikago Bulls subi pi move defèt li nan chanpyona a apre Houston Rockets pilon-nen yo 118 a 89. Seattle Supersonics konsole l sou Indiana Pacers 101 a 93. Charlotte Bobcats te fè anpil efò avan li kale Sakramento Kings 94 a 87. Denver Nuggets van-nen Atlanta Hawks 97 a 74. Detroit Pistons pat rankontre oken difikilte pou l kale Portland Trail Blazers 103 a 93.

Basketè ameriken Alonzo Mourning, ki te refize al jwen nan Toronto Raptors an Desanm ane pase, siyen yon kontra ak Miami Heat ekip li deja pase 8 sezon ap jwe. Msye kapab touche 325 mil dola pou rès sezon an.

Madanm, ki te asiyen Kobe Bryant kòm kwa msye ta fè kadejak sou li, dakò pou l fè yon antant an deyò tribunal ak vedèt basketball la. 2 pati yo ap reyuni pou finalize detay yo disi fen semen nan.

Football

Klub Football F-C Barselòn fè match nul 0 a 0 ak Espayòl pou l toujou rete nan tèt klasman jeneral la ak 9 pwen.

Yon tribunal angle kondane atakan ekip Arsenal la Jermaine Pennant pou l pase 3 mwa prizon akoz li tap kondui machin pandan li te sou. Msye te gen yon nivo alkòl nan sann 2 fwa edmi limit legal la.

Olympik Lyonè elimine nan koup de Frans la. Footballè Brezilyen Roberto Carlos mande pou publik la sispann lanse pwopo rasis nan stad yo.

XS
SM
MD
LG