Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 3/1/05


NBA

New York Knicks te bezwen pwolongasyon pou l kale Los Anjeles Lakers 117 a 115. Nan Cleveland Tim Duncan make yon panye nan fen tan reglemantè pou pèmèt San Antonio Spurs ranpòte yon viktwa 94 a 92 devan Cleveland Cavaliers.. Utah Jazz ranpòte yon viktwa de justès devan Los Anjeles Clippers 87 a 86. Men situasyon pou Dallas Mavericks ki ranpòte yon viktwa de justès devan New Orleans Hornets 90 a 86.

Football/ France

8 tièm de final Koup de Frans la ap demare jodi-a lè Parti Sen Jermen ap rankontre ak Oksèr, Rennes kont Monako.

Prezidan Unyon football Karayib la Trinidadyen Jack Warner lanse 4 defi responsab spò nan rejyon Karayib dwe leve pou football nan rejyon an vinn pwofesyonèl. Msye mande dirijan yo pou demisyone djòb yap kounye a pou dedye tout tan nan spò. Devlope yon pwogram football pou jè n yo akoz pa gen yon seleksyon Karayib ki kalifye pou Koup du mond Kadè a. Mande responsab yo pou envesti plis lajan nan devlope football pou jè-n yo konpare ak lajan ki depanse pou mesye yo. Msye Warner mande pou devlope yon pwogram pou abit nan Karayib la ki gen sèl abit sou yon total 46 ki repute sou plan entènasyonal Unyon Football Karayib frape Jamayik ak Kuba yon amand 5 mil dola ameriken yo chak apre yo pat bay im nasyonal peyi yo pandan dewoulman kwadrangulè final Koup dò Konkakaf la ki sot dewoule nan Barbad.

Footbalè franse Youri Djorkaeff, ki te ede la Frans ranpòte koup du mond football la an 1998 ak koup dEuròp dè Nasyon an lan 2 mil siyen yon kontra pou l vinn jwe nan lig football balonwon ameriken an. Djorkaeff, ki gen 36 zan tounen youn nan gwo pèsonalite mond football apre Alman Lothar Matthaeus, Bulgar Hristo Stoikov, Luis Fernandez, te siyen nan lig la. Metro Stars poko ranpòte oken tit chanpyona nasyonal football balonwon ameriken an.

Prezidan FIFA Sepp Blatter vle pou gen plis kontwòl pou evite Klub yo pa rankontre pwoblèm finansye.. Msye Blatter di se djòb lig ak federasyon yo pou kontwole football pwofesyonèl la. Deklarasyon sa a fèt nan moman klub footbal alman Borussia Dortmund prèske kriye fayit--yon klub ki konn resevwa anviwon 80 mil fanatik nan chak rankont li jwe a domisil.

Tennis

Swis Roger Federer toujou klase numewo 1 mondyal apre li finn ranpöte tounwa tenis Dubai la. Ostralyen Lleyton Hewitt, Ameriken Andy Roddick, Rus Marat Safin, Arjanten Guillermo Coria konplete lis 5 premye jwè mondyal yo. Bò kote meda-m yo ameriken Lindsay Daveport an premyè pozisyon answit nou jwen franse Amelie Mauresmo, Rus Maria Sharapova, ameriken Serena Williams, ak Rus Anastasia Myskina konplete lis 5 meyè jwè tenis mondyal feminen.

Atletisme

Federasyon Atletis Kenya a sispann pou fen ane a Susan Chepkemei apre li pat prezante nan antrenman responsab òganize nan pwochen chanpyona du mond Cross Country 19 e 20 Mas an Frans.

BOXE

Ansyen chanpyon Boks Ostralyen Jeff Fenech se nouvo antrenè ansyen chanpyon boks pwa lou ameriken Mike Tyson.

XS
SM
MD
LG