Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 2/28/05


Football/ Koup du mond

Federasyon Football Irlandè a gen pou rankontre ak Anbasadè Izrayelyen demen Madi pou diskute kesyon sekurite avan match kalifikatif koup du mond, zòn Eropeyen, Izrayel gen pou jwe ak Irland nan Tel Aviv 26 Mas kap vini la a.

Kapitèn ekip Angle Manchester United Irlandè Roy Keane prezante jodi a devan yon tribunal pou-l reponn akuzasyon ki ta vle fè konprann li atake yon ti bway 16 zan--akuzasyon msye rejte.

Prezidan Unyon football Karayib la Trinidadyen Jack Warner lanse yon seri de defi responsab spò nan rejyon Karayib dwe leve pou football nan rejyon an vinn pwofesyonèl. Msye mande dirijan yo pou demisyone djòb yap kounye a pou dedye tout tan yo nan spò. Sa pral vle di pou yo resevwa yon salè. Devlope yon pwogram football pou jè n yo akoz pa gen yon seleksyon Karayib ki kalifye pou Koup du mond Kadè a. Mande responsab yo pou envesti plis lajan nan devlope football pou jè n yo konpare ak lajan ki depanse pou mesye yo. Msye Warner mande pou devlope yon pwogram pou abit nan Karayib la ki gen sèl abit sou yon total 46 ki repute sou plan entènasyonal. Unyon Football Karayib frape Jamayik ak Kuba yon amand 5 mil dola ameriken yo chak apre yo pat bay im nasyonal peyi yo pandan dewoulman kwadrangulè final Koup dò Konkakaf la ki sot dewoule nan Barbad.

Footbalè franse Youri Djorkaeff, ki te ede la Frans ranpòte koup du mond football la an 1998 ak koup dEuròp dè Nasyon an lan 2 mil siyen yon kontra ak Metro Stars pou l vinn jwe nan lig football balonwon ameriken an. Djorkaeff, ki gen 36 zan tounen youn nan gwo pèsonalite mond football apre Alman Lothar Matthaeus, Bulgar Hristo Stoikov, Luis Fernandez, te siyen nan lig la. Metro Stars poko ranpòte oken tit chanpyona nasyonal football balonwon ameriken an.

Prezidan FIFA Sepp Blatter vle pou gen plis kontwòl pou evite Klub yo pa rankontre pwoblèm finansye.. Msye Blatter di se djòb lig ak federasyon yo pou kontwole football pwofesyonèl la. Deklarasyon sa a fèt nan moman klub footbal alman Borussia Dortmund prèske kriye fayit--yon klub ki konn resevwa anviwon 80 mil fanatik nan chak rankont li jwe a domisil.

Football Viktwa 3 a 2 klub franse Lion ranpòte devan Sentetyèn ogmante distans ki separe l ak pwòch advèsè l Monaco ki tonbe 2 a 1 devan Nice nan okazyon 27 tièm jounen chanpyona premyè divizyon lig football franse a. An Espay Barselòn toujou nan tèt chanpyona espayòl la ak 8 pwen devan Real Madrid. Samdi Barselòn fè match nul ak 1 a 1 ak Numancia pandan Real Madrid tonbe devan Deportivo la Coròy 2 a 1 Samdi.

Atletis an Sal

Doub Chanpyon Olenpik Kelly Holmes abandone pwochen konpetisyon atletik an sal Europeyen ki gen pou dewoule nan vil Madrid an Espay akoz lap soufri ak yon blesu. Manmzèl di li pran desizyon sou demand ekip doktè Britanik. Ofisyèl Britanik yo di se yon desepsyon le fè ke mamnzèl pap kapab patisipe nan konpetisyon an.

TENNIS/ Klasman ATP

Swis Roger Federer toujou klase numewo 1 mondyal apre li finn ranpöte tounwa tenis Dubai la. Ostralyen Lleyton Hewitt, Ameriken Andy Roddick, Rus Marat Safin, Arjanten Guillermo Coria konplete lis 5 premye jwè mondyal yo. Bò kote meda-m yo ameriken Lindsay Daveport an premyè pozisyon answit nou jwen franse Amelie Mauresmo, Rus Maria Sharapova, ameriken Serena Williams, ak Rus Anastasia Myskina konplete lis 5 meyè jwè tenis mondyal feminen. Federasyon Atletis Kenya a sispann pou fen ane a Susan Chepkemei apre li pat prezante nan antrenman responsab òganize nan pwochen chanpyona du mond Cross Country 19 e 20 Mas an Frans.

Tennis Italyen Flavia Pennetta kale Slovak Ludmila Cervanova 3-6, 7-5, 6-3 pou l ranpòte tounwa tenis Open Meksiko a ki tap dewoule nan Acapulco.. Espayòl Rafael Nadal kale konpatriòt li Albert Montanes 6-1, 6-0 pou l ranpòte kategori maskulen an. Ostralyen Wayne Arthurs kale Kwat Mario Ancic 7-5, 6-3 pou l ranpòte tounwa tenis Arizona a. Swis Roger Federer amelyore pèfòmans li pou sezon 2005 la ak 20 viktwa 1 defèt. Federer kale Kwat Ivan Lubicic 6-1, 6-7, 6-3 pou l ranpòte tounwa tenis Open Dubai la. Sa fè 3 zièm tit Federer ranpòte pou ane a ak yon total 16 tit ATP.

NBA

Boston Celtics se premye ekip nan Konferans de Lès la ki kale lidè chanpyona a Phoenix Suns. Rezulta final la 120 a 113 pou l amelyore rekò l ak 29 viktwa 29 defèt. Miami Heat te fè anpil efò pou l kale Orlando Majik 112 a 103 gras ak 28 pwen Dwayne Wade make. New Jersey Nets ranpòte yon bèl viktwa devan Cleveland Cavaliers 104 a 98 gras ak efò Vince Carter ki make 34 pwen epi trape balon an 11 fwa nan viktwa a. Washington Wizards pran yon kal sezisman nan men Sacramento Kings 110 a 108. Atlanta Hawks tonbe 111 a 104 devan Los Anjeles Clippers--defèt ki mete l a pi move rekò nan lig la ak 10 viktwa 45 defèt. Univèsite Maryland tonbe devan North Carolina yè swa nan College Park--defèt ki diminye chans pou Terapin yo kalifye pou tounwa final Mas an foli a. Maryland pèdu 85 a 83 nan yon rankont kote fanatik yo te kanpe sou 2 pye yo. Univèsite Maryland dwe kale Virjinya Tèk Samdi nan dènye rankont sezon regulye a si l vle kalifye pou faz final la.

XS
SM
MD
LG