Accessibility links

Breaking News

Ant 6 ak 10 Moun Mouri Anba Bal Eleman Ame nan Village De Dieu, Yon Katye Nan Vil Pòtoprens.


Village de Dieu (Vilaj Bondye) yon bidonvil nan antre sud kapital ayisyèn nan, te teyàt gwo zak vyolans nan nuit jedi pou louvri vandredi 25 fevriye a. Enkoni ame antre nan bidonvil la e louvri kout zam sou rezidan yo. Bilan viktim yo pa fin'n klè ni pèsonn pa konnen kilès ki lotè zak vyolans lan. Sèten sous di ant 13 ak 15 kretyen-vivan ta pèdi lavi yo, men gen lòt ki di chif la se 6 ou 10 moun.

Yon lòt kote, ansyen premye minis gouvènman Lavalas la, Yvon Neptune, ansanm ak èks minis enteryè li an, Jocelerme Privert, tanmen yon grèv grangou nan penitansye nasyonal. Pèsonn pa konnen rezon ki pouse msye Neptune pran desizyon sa a.

Ale sou lyen ki anlè atik la pou'w koute korespondans Rotchild François Jr. sou pwen sa yo.

XS
SM
MD
LG