Accessibility links

Breaking News

Relijyon ak Piblisite Ozetazini-1è Pati


Nan kèk ane ki sot’ pase la yo, relijyon vin jwe yon wòl pi vizib, pi pwononse, nan vi amerikèn nan. Poutan, gen domèn ki sanble rete fèmen pou sektè relijye a jiskaprezan. Lidè politik yo pale pi souvan de fwa yo. Dirijan legliz, moske, tanp ak sinagòg òganize kanpay enskripsyon elektè pou fè moun al vote, ase souvan laprès envite pèsonaj ki koni nan mond relijye a, pastè, animatè, pou yo fè kòmantè ak analiz sou evènman aktyalite a. Sepandan, sa pa vle di se tout kote kominote lafwa a ka fè tande vwa li jan l’ vle. E plizyè denominasyon, ki nan kouran modere tradisyonèl la Ozetazini, ap dekouvri reyalite sa a piplis alèkile.

United Church of Christ, Legliz de Kris Inifye, se youn nan denominasyon ki pi jèn isit. Nan kad preparasyon pou selebre 50èm anivèsè gwoup la nan lane 2007, dirijan yo lanse tou dènyèman la a yon kanpay piblisite sou radyo ak televizyon, pou plizyè milyonn dola. Mesaj yo a vize moun ki pa genyen sa, pòt-pawòl Barb Powell, rele “yon legliz yo rele pa yo.” Dapre Miss Powell, lidè legliz la te reyini plizyè gwoup focus, pou analize sitiyasyon an, anvan yo te tanmen kanpay la. Yo te vle dekouvri, atravè opinyon ti gwoup sa yo, rezon ki kenbe anpil Ameriken lwen legliz. Miss Powell di: “Ale vini, sila yo nan gwoup focus yo ki pat gen okenn afilyasyon relijyez te di nou yo te santi yo alyene, pèsonn pat fè ka de yo, yo te santi yo pa gen plas yo nan relijyon òganize an jeneral. E franchman, sa konsène legliz de kris inifye a tou paske nou fè pati relijyon enstitisyonèl la nan peyi Etazini.”

Barb Powell, ki se pòt-pawòl United Church of Christ, di pi souvan, moun ki te pale de mepri, de alyenasyon sa a, se moun ki majinalize nan sosyete a, kidonk yo pa santi yo gen plas yo vre nan sa kap fèt, swa akòz gou yo, pratik yo, stil de vi yo elatriye. Se pòv yo, se omeseksyèl ak lezbyèn, se moun ki fè pati minorite ki pa blan an. Poutèt sa, legliz sa te konsevwa yon reklam nan televizyon ki pase nan rizib ide pou yon gwoup Kretyen te refize aksepte yon moun ki vle vin ladan n’. Nan reklam nan, te gen 2 eleman devan yon legliz: yon jenn ti blan, klas mwayèn, ak yon lòt. Fidèl yo aksepte ti blan an, men lòt la....yo te di l' NON! Nan spot la, narasyon an kontinye... Yon tèks make sou ekran an: Jezikri pat refize pèsonn. No-menm non plis!

Poukisa spot piblisite sa a, k’ap pase sou divès chèn televizyon-pa-kab, nou pa ka wè li sou gran rezo tankou ABC, CBS, NBC? Se kesyon nou va reponn nan pwochen edisyon Paj Relijyon Lavwadlamerik la.

XS
SM
MD
LG