Nan paj sila a ou pral kapab li e tande plizyè repòtaj sou aktyalite a nan peyi d Ayiti. N'ap kòmanse ak korespondan nou Rotchild François, Jr, nan Pòtoprens, ki fè n' konnen responsab misyon sivil Nasyonzini genyen nan peyi a (MINUSTAH) ta renmen wè òganizasyon entènasyonal la patisipe nan yon komisyon gouvènman pwovizwa a fòme pou mennen ankèt sou dsye Gran Prizon an, anpalan de operasyon commando samdi 19 fevriye a, ki te debouche sou yon mò ak plis pase prizonye ki sove kite penitansye a.
Avèk Jn-Pierre Leroy e Galilée Périlus, nou va genyen plis reyaksyon sou menm dosye sa a. Pa egzanp, plizyè reprezantan pati politik bat bravo pou fòmasyon komisyon an e yo swete limyè va fèt sou kesyon an.
Anfen, nouvèl yo fè konnen responsab lajistis yo ap transfere nan Latibonit ansyen Premye-Minis Yvon Neptune ak ansyen Minis Enteryè Jocelerme Privert, ki anba akizasyon pou yon masak toupre vil Sen-Mak, nan yon katye yo rele "La Scierie".
Klike sou lyen, sou ralonj, ki anlè atik sa a pou ou ka tande repòtaj yo.