Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Ayisyen an Gérard Latortue di Pati Politik yo Prè pou y al nan Eleksyon


Vandredi 18 fevriye 2005 la premye minis Gérard Latortue te bay yon konferans nan Miami eta Florid sou enpòtans revolisyon ayisyèn nan pou nwa toupatou. Li te bay konferans sa a sou envitasyon yon lekòl nan Miami Dade.

Nan yon entèvyou Msye Latortue bay jounalis Lavwadl̂amerik Ronald César, li di Ayiti prè pou l fè eleksyon. Li eklèsi dout yon otorite ameriken lague sou eleksyon yo. Chèf sèvis ransèyman Etazini an Porter Goss, te deklare devan sena a nan mitan mwa fevriye a “li poko klè si eleksyon lejitim ap ka fèt alè an novanm 2005 la ann Ayiti, menm si peyi sa a jwenn sipò kominote entènasyonal la.”

Msye Latortue reponn pou l di li envite Msye Goss al vizite Ayiti pou l ka wè ak pwòp je l reyalite a sou tèren an, e ke eleksyon yo ap fèt kanmèm. Msye Latortue defann dosye dwazimen gouvènman l lan; li denonse plizyè ansyen sòlda li di k ap komèt move zak; li di gouvènman l lan mentni entansyon l pou l lanse yon manda kont ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide.

XS
SM
MD
LG