Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 2/21/05


NEW YORK/ Jeux Olympics 2012

Se nan mitan yon pakèt fanatik, ki te gen drapo nan men yo, delegasyon komite evalaysyon Komite Olempik Entènasyonal la debake nan vil New York kote yo pral vizite enstalasyon spòtif vil la ki kandida pou l òganize je zolempik dete yo an 2012. Delegasyon an ap vizite 27 enstalasyon tankou Madison Square Garden, Yankee Stadium. Delegasyon an gen pou vizite vil Moskou ak Pari avan yo anonse vil kap òganize konpetisyonan an Juyè nan okazyon rankont Komite Olenpik Entènasyonal la gen pou òganize nan Sengapour.

Football

Gwatemala, Panama ak Honduras ranpòte la viktwa nan tounwa 8 peyi kap detèmine reprezantan koup dò KONKAKAF la kap dewoule isit Ozetazuni. Honduras danse sou Nikaragwa 5 a 1. Gwatemala woule Belize 2 a 0 epi Panama ranpòte yon viktwa tou mens devan Salvador 1 a 0. Tounwa a ap rapousib jodi a nan stad Mateo Flores la lè Beliz ap rankontre ak Honduras, Kosta Rika kont Salvador epi Gwatemala kont Nikaragwa. 2 premye nan chak group yo ap kalifye pou koup dò KONKAKAF la.

Nan Barbad Andy Williams make 2 gòl pou ede Jamayik ranpòte yon vitkwa 2 a 1 devan Trinidad and Tobago nan kwadrangulè Koup Digicel la kap detèmine 3 reprezantan Karayib nan Koup dò KONKAKAF la. Jamayiken yo ap jwe kont la Barbad demen Madi a epi kont Kuba Jedi. Ekip ki fini an premyè pozisyon an ap resevwa 100 mil dola ameriken.

BASKETBALL/ Koulwa Selebrite

Ansyen vedèt basketball ameriken Joe Dumars ak Dominique Wilkins figure pami 16 finalist ki seleksyone pou yon plas nan koulwa selebrite Asosyasyon Nasyonal Baskettball ameriken. Komite a ap non-men loreya a 4 Avril.

NBA All-Star

Festivite responsab yo nan NBA òganize chak ane ant pibon pami pibon vedèt Konferans de Lwès la ak Konferans de Lès la fini ak yon chanjman gras ak viktwa 125 a 115 Konferans de Lès ranpòte devan tokay yo nan Konferans de Lwès la. Allen Iverson, kap jwe nan Philadelphia 76ers, ranpòte trofe pibon pami pibon jwè nan sware a apre li make 15 pwen e fè 10 pas ki make pwen. Ray Allen kap jwe nan Seattle Supersonics make 17 pwen pou konferans de Lwès la. Sezon an ap rekòmanse demen Madi a. San Antonio Spurs nan tèt klasman jeneral la ak 41 viktwa 12 defèt.

Athletism

Kourè Jamayiken Michelle Freeman ranpòte konpetisyon atletik 60 mèt obstak nan konpetisyon an sal ki tap dewoule nan vil Atè n an Grès. Manmzèl kouvri distans la an 7 pwen 94/100tièm sekond devan Kuben Anay Tejada ak Grèk Flora Rendoumi.

Tennis

Jwè tenis Danwa Kenneth Carlsen suprann bonanj Belarus Max Mirnyi an 2 manch 7-5, 7-5 pou l ranpòte tounwa tenis entènasyonal ki tap dewoule nan Memphis Tennessee.

Natasyon

Najè Sud Afriken Ryk Neethling ranpòte kous 50 ak 200 mèt naj lib kout distans natasyon mondyal ki tap dewoule nan Belo Horizonte o Brezil. Ameriken Natalie Coufhlin ranpòte kous 100mèt feminen.

Football an Sal

Chanpyon du mond an tit Espay kale la Rusi 2 a 1 pou l ranpöte chanpyona football an sal Europeyen an ki tap dewoule nan Ostrava Republik Tchèk.

Cross Country

Kourè Kenyan Samuel Wanjiru ranpöte kous Cross Country 12 kilomèt ki tap dewoule O Japon. Msye bat kourè Etyopyen Gudisa Shentama an 34 minit 54 sekond.

Boxe

Boksè ameriken Bernard Hopkins defann ak suksè tit pwa mwayen pou yon 20 tièm fwa ak yon desizyon unanim tout juj yo devan boskè angle Howard Eastman.

XS
SM
MD
LG