Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 2/18/05


NBA

Michael Finley make 33 pwen nan viktwa tou mens Dallas Mavericks ranpòte devan Phoenix Suns 119 a 113--defèt ki pa ede Phoenix Suns kòm ekip ki gen pi bon palmarès nan NBA a ki pral make mwatye sezon an ak yon rankont tout vedèt kap jwe Dimanch nan Denver Colorado. Nan yon lòt rankont Minnesota Timberwolves tronse Cleveland Cavaliers 94 a 88.

Dirijan yo nan NBA a publiye kondisyon pou limite kantite ak gwosè byè kap vann andedan stad yo pou evite deblozaj ki te pete mwa Novanm pase a nan okazyon rankont Detroit Piston kont Indiana. Mezu yo ap antre an aplikasyon apre rankont tout vedèt an 2 konferans yo ki fikse pou Dimanch nan Denver Colorado.

Bò kote Univèsitè yo, Virjinya Tech suprann bonanj Duke Univèsitè ak yon viktwa 67 a 65. Arizona wouze Oregon 92 a 67. Louiville ranpòte yon viktwa tou mens devan Marquette epi Gonzaga pat rankontre difikilte pou l pase sou San Diego 90 a 73. Villanova te finn pa gen rezon sou Seton Hall gras ak yon viktwa 66 a 52.

Tennis

Kolonbyen Fabiola Zuluaga kontinye ap byen mennen nan tounwa tenis Bogota apre li pase arjantin Mariana Diaz-Oliva yon swif 2 manch 6-2, 6-1 pou al rankontre nan kar de final la ak Kolonbyen Catalina Castano. Lòt kar de final la ap mete bab pou bab Irtalyen Flavia Pennetta fas ak Tchèk Barbora Strycova.

Robby Ginepri kalifye pou kar de final tounwa tenis Open Memphis la. Franse Antony Dupuis, Max Mirnyi, Bèlj Xavier Malisse yo tout kalifye pou kar de final la. Bò kote meda m yo ameriken Meghann Shaughnessy pat rankontre difikilte pou l debarase l de Sud Koreyen Cho Yoon Jeong 6-1, 6-2 pou kalifye pou semi final tounwa a kote li pral rankontre ak Tchèk Nicole Vaidisova.

OLYMPICS

Komisyon Enspeksyon Komite Olenpik Entènasyonal la vizite anstalasyon spòtif vil Lond yo ki kandida pou-l òganize Je zolenpik dete 2 mil 12 yo. 13 manb komisyon an deja vizite vil Madrid ap mete tèt pou New York, Pari avan yo mete fen nan enspeksyon yo an Mas pwochen nan vil Moskou. Komite Olempik Entènasyonal la ap anonse gayan an 6 Juyè.

XS
SM
MD
LG