Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 2/14/05


Ayiti / Gwatemala

Seleksyon Nasyonal football Gwatemala kale Ayiti 2 a 1 nan kad yon match entènasyonal ki jwe ant 2 seleksyon yo nan Lockhart Stadium nan Fort Lauderdale an Florid. Edwin Villatoro louvri skò a pou Gwatemala nan 18 tièm minit premye mitan an avan Eliphene Cadet egalize pou ayisyen yo nan 61 nièm minit rankont la. Chapine Castillo kore viktwa a an favè Gwatemaltèk yo kap prepare pou akeyi 8 tièm edisyon Koup Unyon Sant Amerik de Football kap kòmanse Samdi e kap fini 27 Fevriye ant 2 group. 4 semi finalis yo ap reprezante zòn Sant Amerik la nan koup dò KONKAKAF soti 6 pou fini 2 Juyè.

Football an Sal / Euròp

Chanpyon Europeyen an tit football an sal la Itali ap rankontre Potugal nan match douvètu chanpyona Football Europeyen an sal la kap dewoule nan Ostrava Republik Tchèk. 8 peyi Europeyen ap patisipe nan konpetisyon pami yo 3 ansyen chanpyon. Football an sal gen yon fòma 2 mitan-- 20 minit yo chak ak 5 jwè nan chak ekip sou yon teren ki menm lajè ak yon teren basketball.

Natasyon / Thorpe

Antrenè meday dò Olympic Ostralyen Ian Thorpe fè konnen najè a pap patisipe nan chanpyona du mond natasyon ki gen pou dewoule nan Montreal an Juyè ane sa a pou l kapab prepare pou je zolenpik yo dete Peken 2 mil 8 yo. Madan Tracey Menzies fè deklarasyon an jodi a nan vil Sidne an Ostrali.

NFL PRO BOWL

Konferans Ameriken an ranpòte yon viktwa 38 a 27 devan Konferans Nasyonal la nan kad rankont tout vedèt pibon pami pibon jwè lig football zèpòl kare ameriken an ki tap dewoule nan Honolulu, Hawaii.

NBA

Miami Heat te fè anpil efò avan li kale San Antonio Spurs 96 a 92 nan kad rankont ki jwe ant 2 meyè ekip nan Konferans de Lwès la ak Konferans de Lès la. Miami gen yon palmarès 39 viktwa ak 14 defèt pandan ke San Antonio pataje premye plas la ak Phoenix Suns 40 viktwa ak 12 defèt. Nan lòt rankont Phoenix Suns te bezwen pwolongasyon pou l kale Golden State Warriors 106 a 102. Cleveland Cavaliers danse sou Los Anjeles Lakers 103 a 89. Dallas Mavericks ranpòte yon viktwa tou mens devan Seattle Supersonics 95 a 92. Lòt ekip ki ranpòte la viktwa se Sakramento Kings, New Jersey Nets, New York Knicks, Orlando Majik ak Toronto Raptors.

Malone/ Retrèt

Carl Malone anonse retèt li apre 19 ane karyè nan NBA a. Malone kapab pran retrèt li san li pat ranpòte yon trofe ak Utah Jazz kote li pase 18 tan e menm kapab pa fè l ak Los Anjeles Lakers kote lap jwe kounye a.

Basketball/ Univèsitè

Etudyan nan Univèsite Maryland ap retounen nan klas maten an apre yo finn selebre viktwa an pwolongasyon 99 a 92 Maryland ranpòte devan rival yo Duke Blue Devils. La polis fè plizyè arestasyon apre etudyan yo te pran la ri pou selebre 2 zièm viktwa afile Terapin yo ranpòte devan Duke.

Tennis

Ameriken Andy Roddick woule franse Cyril Saulnier 6-0, 6-4 pou l ranpòte tounwa tenis San Jose a.

Arjanten Gaston Gaudio kale konpatriòt li Mariano Puerta 6-4, 6-4 pou l ranpòte tounwa tenis ATP ki tap dewoule nan Buenos Aieres an Arjantin.

Atlètisme

Franse Ronald Pognon bat yon rekò nan konpetisyon an sal konpetisyon Europeyen ki tap dewoule nan Karlsruhe an Almay. Bò kote meda m yo Mozanbiken Maria Mutola ranpòte tit 800 mèt la.

Natasyon

Najè Sud Afriken Ryk Neethling ranpòte 2 lòt meday dò nan konpetisyon natasyon kout distans kap dewoule nan vil New York.

Marathon/ Tokyo

Kourè japonè Toshinari Takaoka bat yon nouvo rekò nan maraton entènayonal Tokyo a o Japon. Takaoka kouvri 42 kilomèt la an 2 zè 7 minit 41 sekond.

XS
SM
MD
LG