Accessibility links

Breaking News

Yon Nouvo Liv pou Ecole du Dimanche Parèt sou Mache a


Reveran Renaut Pierre-Louis responsab Legliz Batis Péniel nan vil Fort-Lauderdale, nan sid eta Florid. Li gen plis pase 30 an depi l'ap milite nan lèv evanjelik, soti ann Ayiti kote li te diplome nan seminè an 1970 pou rive isit ozetazini kote li te emigre nan ane 90 yo.

Pastè Pierre-Louis se yon avoka, yon powèt e yon ekriven. Sa pa gen lontan, li te pibliye premye nan yon seri 12 liv ke li konsakre pou fòmasyon manm legliz yo ak evanjelizasyon. Sepandan, premye objektif seri "La Torche Brûlante" la se bay monitè ak elèv "Ecole du Dimanche" yo yon zouti ki va ede yo aprann pi byen e pataje pi byen.

Klike la a pou w vizite sit legliz pastè Renaut Pierre-Louis a

XS
SM
MD
LG