Accessibility links

Breaking News

Ti Koze: Legliz ak Politik ann Ayiti


Yon fwa ankò, peyi d Ayiti devan yon echeyans elektoral, yon lòt okazyon pou li fè yon tranzisyon, yon pote janbe, nan direksyon demokrasi. E yon fwa ankò, divès gwoup politik ap chache rapwoche youn ak lòt, fè alyans, pou ogmante chans yo nan kous la. Nan mitan Kretyen ayisyen yo, espesyalman Pwotestan yo, anvan tantativ alyans, genyen yon efò pou jwenn yon inite, yon tèt-ansanm, sou gran lide ki dwe dirije reprezantan sektè sa a sou sèn politik la.

Se nan kad efò sa yo nou plase yon Forum Entènasyonal Lidè Kretyen ak Sosyo-Politik ki te dewoule sa pa gen lontan, nan eta Florid, avèk plizyè santèn patisipan. Nou fè yon ti koze ak twa pami pèsonaj ki te prezan e aktif nan forum nan: Doktè Matthieu Jn-Baptiste, Reveran Pastè Chavannes Jeune, ak Avoka e lidè politik Osner Févry.

XS
SM
MD
LG