Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 2/07/05


Football / Azi

Seleksyon Nasyonal Kore du Nò a rive O Japon jodi a kote li pral rankontre ak seleksyon lokal la nan kad round final match kalifikatif koup du mond Almay 2 mil 6 pou zòn Azyatik la kap jwe Mèkredi. Antrenè Kore du Nò a Yung Jong-su deklare jwè yo an fòm tankou bas e ke li espere ranpòte tout rankont group B a ki gen ladan an plis de Japon, Iran ak Baren.Group A a gen Kore du Sud, Arabi Sawoudit, Uzbekistan ak Koweit. 2 premye nan chak group yo ap kalifye otomatikman pou faz final koup du mond la kap dewoule an Almay ane pwochè n--3 zièm nan chak group yo ap jwe yon match de baraj ak posibilite pou venkè a rankontre ak peyi ki klase 4 trièm nan KONKAKAF la kap gen pou jwe yon match de baraj ale/retou. Venkè-a ap kalifye pou faz final koup du mond la.

Nap rete nan football pou zòn KONKAKAF la Etazini ap rankontre ak Trinidad and Tobago Mèkredi nan kad ekzagonal final eliminatwa koup du mond Almay 2 mil 6 la. Nan menm jounen an Panama ap akeyi Gwatemala epi Meksik ap fè yon kout pye lakay Kosta Rika. Pwochen rande vou nan group la se le 26 Mas.

Patriots/ NFL

New England Patriots kale Philadelphia Eagles 24 a 21 pou l ranpòte pou yon 2 zièm ane afile final Superbowl Lig Footbòl zèpòl kare ameriken an. Antrenè Bill Belichick di tout sa Patriots yo se te tounen pibon pami pibon ekip pou sezon-an:

"Nou kontan rive nan somè-a ki se te objektif nou te vize pandan ane a. Se te yon lut kont 31 lòt ekip pou eseye ranpòte trofe Superbowl la. Fanatik yo gen dènye mo a."

New England Patriots tounen 2 zièm ekip ki ranpòte 3 tit nan yon espas de 4 tran apre Dallas Cowboys pandan ane 90 yo. Se premye fwa Philadelphia Eagles patisipe nan final Super Bowl an 24 tran. Antrenè Eagles yo Andy Reid kwè ekip la pap pèdu tan avan li retounen nan yon final.

" Aspè pozitif final la sè ke jwè yo pran gou patisipe nan yon final e mwen kwè yo vle retounen. Se te yon bèl eksperyans--se te yon bèl rankont ki jwe nan yon bèl atmostfè."

Deion Branch, ki jwe nan liy atak Patriot la, seleksyone kòm pibon pami pibon apre li egalize rekò entèsepsyon pas nan yon final ak yon total 11 pandan final la ki te dewoule nan Jacksonvil, Florida.

NBA

Chinwa Yao Ming tire 3 kou fran 15 sekond avan fen tan reglemantè a pou ede Houston Rockets ranpòte yon viktwa de justès devan Los Anjeles Lakers 103 a 102. Lakers yo rate chans pou ranpòte rankont la apre balon an pat antre nan panye a 3 sekond avan kout siflèt final la. Dallas Mavericks bò kote pa l tronse Toronto Raptors 122 a 113. Allen Iverson make 28 pwen pou-l ede Philadelphia Eagles ranpòte yon viktwa tou mens 106 a 104 devan Los Anjeles Clippers. Boston Celtics kale anba redu Minnesota Timberwolves 103 a 100.

Glazer / Manchester United

Responsab klub football premye divizyon Angle Manchester United di envestisè ameriken Malcolm Glazer soumèt yon lòt òf pou l achete ekip la. Fanatik Machester United pa dakò ak ide pou Glazer pran kontwòl ekip la menm lè li genyen anviwon 28 pou 100 aksyon nan ekip la. Glazer se pwopriyetè ekip football zèpòl kare ameriken Tampa Bay Buccaneers.

Tennis

Ansyen chanpyon Wimbledon Conchita Martinez ranpòte tounwa tenis OPen Volvo ki tap dewoule nan Tailand. Martinez gen anviwon 4 tran depi li pa ranpòte yon tenis te bezwen 3 manch pou l kale alman Anna Lena Groenefeld 6-3, 3-6,6-3.

Bò kote mesye yo Bèlj Xavier Malisse supran Tchèk Jiri Novak pou l ranpòte tounwa tenis Millenium International ki tap dewoule nan Delray Beach, Florida. Malisse te bezwen 2 manch 7-6, 6-2 pou l ranpòte premye tounwa tenis entènasyonal. Arjanten Gaston Gaudio kale chilyen Fernando Gonzalez 6-3, 6-4 pou l ranpòte tounwa tenis Open BellSouth la ki tap dewoule nan Vina del Mar.

Athletisme

Kourè Kenyan Daniel Kipchirchir Komen ranpòte kous mil 500 mèt la devan konpatriòt li Paul Korir nan konpetisyon atletis ki tap dewoule an Bèljik.

XS
SM
MD
LG