Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Prezidan Pwovizwa Boniface Alexandre Denonse Koripsyon nan Administrasyon Piblik yo


Prezidan Boniface Alexandre deklare li pa renmen sa k'ap pase nan gouvènman an jounen jodi a. Msye Alexandre mande minis yo ak administratatè yo pou yo pran mezi sevè kont mounn ki ta kowonpi nan biwo leta yo.

Pami 2 minis yo te nome semèn sa a men ki p’at gentan prete sèman, genyen Michel Bernardin ki ta pral minis enteryè. Sepandan, yo te anile nominasyon l lan aprè otorite yo te dekouvri li sanble ta enplike nan vyolasyon dwa moun sou rejim Duvalier a. George Moïse prete sèman kòm minis enteryè Ayiti nan matine jedi 3 fevriye a.

Marie-Claude Bayard ta pral tounen minis komès. Men, gouvènman an jwenn ke madam Bayard sanble gen sitwayènte amerikèn. Fritz Kénol prete sèman kòm minis komès.

Hérard Abraham prete sèman kòm minis afè etranjè. Li ranplase Yvon Siméon jki bay démisyon l.

Jounalis radyo Métropole ann Ayiti Méroné Jean-Wikens ba nou plis detay sou seremoni prestasyon sèman an ak deklrasyon prezidan pwovizwa a, Boniface Alexandre.

Yon moun mouri pou pi piti e plizyè lòt blese, se bilan zak vyolans ki rekòmanse nan Pòtoprens kèk jou avan debi festivite kanaval yo, daprè korespondan nou Renan Toussaint depi Pòtoprens.

Yon responsab wo plase anbasad amerikèn ann Ayiti di peyi a pran yon bon direksyon aprè responsab elektoral yo te fikse dat eleksyon jeneral yo. Korespondan nou Luckner Laguerre ap eksplike depi vil Jérémi.

Reprezantan Misyon Nasyonzini pou Stabilizasyon Ayiti a, Juan Gabriel Valdez, deklare eleksyon ki sòt dewoule nan peyi Irak la se yon prèv ki montre eleksyon kapab fèt tou ann Ayiti. Korespondan nou Jean-Pierre Leroy gen detay dépi Pòtoprens.

Klike sou lyen anlè a pou w tande repòtaj sou aktyalite a ann Ayiti.

XS
SM
MD
LG