Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 2/3/05


UEFA MATCH FIXING

Unyon Football Europeyen an siyen yon akò ak Betfair, yon konpayi kap ankouraje moun parye lajan sou match football sou entènèt la. Responsab yo espere jwen plis enfòmasyon sou endividu yo sispèk kap chache enfluyans rezilta yon match football. Betfair, ki baze nan vil Lond fasilite endividu parye lajan olye de yon group, deja siyen yon akò ak Konsèy Entènasyonal Crikèt ak Asosyasyon Tenis Pwofesyonèl la. Yo di pèmèt otorite yo gen aksè nan enfömasyon sou endividu yo se meyè bagay li kapab fè asure l krim pa antre nan spò.

Almay/ Match Fixing

Skandal magouy ki afekte football alman kontinye ap ogmante apre otorite yo dekouvri ta gen magouy ki fèt nan 4 match e ki enplike 10 jwè pou pipiti.. Federasyon football Alman an di Robert Hoyzer, abit ki nan sant skandal la, ta fè magouy nan 4 match football ane pase pandan li enplike 3 lòt abit. Hoyzer rekonèt li te aksepte kout lajan nan men yon mafya Kwat. Ototire yo arete 2 nan rezo a eksepte abit la. Yè Mèkredi la polis te debake lakay 19 moun kote yo sezi kont an bank ak pwopriyete ki estime a 3 milyon 170 mil dola. Kantite jwè ki rekonèt yo te patisipe nan magouy yo kontinye ap ogmante, dapre otorite football alman yo

Match Amikal Entènasyonal

Seleksyon Nasyonal football Trinidad and Tobago kale Ayiti 1 a 0 nan kad youn nan yon seri 2 match chofe jarèt 2 seleksyon yo ap jwe nan Trinidad and Tobago. 2 seleksyon yo ap rankontre aswè a. Match la antre nan kad preparatif Trinidadyen yo fè avan yo rankontre ak Etazuni Mèkredi kap vini la a nan ekzagonal final eliminatwa koup du mond Almay 2 mil 6 zòn KONKAKAF la.

FIFA / Football de Plage

FIFA ap lanse premye chanpyona du mond football de plaj a pati de ane sa a ak patisipasyon 12 peyi.

NBA

Tracy McGrady make 34 pwen pou ede Houston Rockets tronse Philadelphia 76ers 118 a 95. Jalen Rose bò kote pa l make 2 kou fran mwens yon sekond avan fen tan reglemantè a pou pèmét Toronto Raptors ranpòte yon viktwa de justès devan Indiana Pacers 98 a 97. Pou la premyè fwa Minnesota Timberwolves subi pi move defèt li nan lig la--Twolves yo pran yon swif nan men Phoenix Suns 108 a 79. Boston Celtics danse sou New Jersey Nets 110 a 89. Portland Trailblazers ranpòte yon viktwa tou mens devan Denver Nuggets 97 a 94. Se te menm situasyon an pou Sakramento Kings ki kale Golden State Warriors 111 a 107.

CN-136 NBA Lakers

Antrenè Los Anjeles Lakers Rudy Tomjanovich demisyone nan tèt ekip la pou rezon sante. Msye kite Lakers yo ak yon palmarès 22 viktwa 19 defèt.

USOC/Prix

Komite Olempik Ameriken seleksyone najè Micheal Phelps ak Jimnaz Carly Patterson kòm atlèt maskulen e feminen pou ane a.

XS
SM
MD
LG