Accessibility links

Breaking News

Prezidan Bush ap fè yon Diskou sou Eta Inyon an


Msye Bush ap fè diskou sa a devan tou 2 chanm kongrè a mèkredi-swa vè 9 vè lè Washington, lè Pòtoprens. Msye Bush ap prezante pwogram gouvènman l lan pandan 2è mandan l la.

La mezon blanch fè konnen mwatye nan diskou Msye Bush la pral santre sou politik enteryè li e lòt mwatye a pral santre sou politik etranjè li, epi li pral bay detay sou objektif li te fikse pandan dènye diskou li te fè lè l tap prete sèman pou 2è manda a.

Yon pòt pawòl la mezon blanch deklare Msye Bush pral pale tou de eleksyon ki fèt dimanch pase a nan peyi Irak, e li pral mansyon tou eleksyon ak siksè ki te fèt nan Afghanistan e nan tèritwa palestinyen yo.

Sepandan Msye Bush pa pral anonse yon dat-limit pou l retire sòlda ameriken yo nan Irak. Kèk palmantè te lanse apèl pou prezidan Bush bay detay sou strateji li genyen pou l retire troup ameriken yo nan Irak.

Lidè pati ki nan opozisyon an, sètadi lidè pati demokrat la pral fè diskou pa yo pou reponn diskou prezidan Bush la. Diskou lidè demokrat yo pral fèt tou swit aprè diskou Msye Bush la mèkredi-swa.

XS
SM
MD
LG