Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite 2/1/05


NBA

Allen Iverson make 27 pwen pou ede Philadelphia 76ers ranpòte yon viktwa tou mens devan Indiana Pacers 89 a 88. Nan Atlanta franse Antoine Walker reyalize yon panye 2 sekond avan fen rankont la pou pèmèt Atlanta Hawks ranpòte yon viktwa devan Orlando Majik 80 a 79. Chinwa Yao Ming make 23 pwen nan viktwa Houston Rockets devan Boston Celtics 97 a 94. San Antonio Spurs woule Seattle Supersonics 103 a 84. Los Anjeles Clippers tronpe vijilans New York Knicks 96 a 89.Memphis Grizzlies te fè anpil efò avan li kale New Orleans Hornets 98 a 91.

Tennis / Pan Pacific

Jwè tenis Japonè Ai Sugiyama tonbe nan tounwa tenis Open Pan Pacifik la kap dewoule nan vil Tokyo fas a Italyen Roberta Vinci 2-6, 6-3, 6-2.

Tennis / Klasman

Ameriken Serena Williams klase numewo 2 mondyal apre li finn ranpòte tounwa tenis Open Ostrali a. Lindsay Davenport toujou klase numewo 1 mondyal. Franse Amelie Mauresmo, Rus Maria Sharapova ak Anastasia Myskina konplete lis 5 meyè jwè tenis mondyal kategori feminen.

Bò kote mesye yo Swis Roger Federer toujou klase numewo 1 mondyal malgre li te pèdu nan semi final tounwa tenis Open Ostrali a fas ak Rus Marat Safin ki klase numewo 4. Lleyton Hewitt klase numewo 2 pandan ameriken Andy Roddick klase numewo 3 mondyal.

Olympics/ Chine 2008

Prezidan Komite Olempik Entènasyonal la Jacques Rogge deklare je zolenpik Peken 2 mil 8 yo ap ede amelyore dwazumen nan peyi a. Msye Rogge rive nan Montreal Kanada yè Lendi a nan kad premye vizit depi Vancouver te seleksyone pou òganize je zolempik Divè yo an lan 2 mil 10.

Montreal/ Natation

Majistra vil Montreal la, Gerald Tremblay, ki sot patisipe nan yon rankont ak Federasyon Mondyal Natasyon an, FINA, di li espere vil la kapab òganize chanpyona du mond natasyon an juyè ane sa a. Deklarasyon sa a fèt apre menas Federasyon an te fè pou l te retire dwa pou Montreal òganize konpesyon an epi pèmèt apre komite òganizatè a te manke 5 milyon dola nan budjè 30 milyon dola. FINA anonse yè Lendi a, Atèn, Moskou ak Berlen aplike pou òganize konpetisyon an si responsab Montreal yo pa rezoud pwoblèm finansye ak yon seri de lòt problèm ki makònen ak konpetisyon an.

XS
SM
MD
LG