Malgre Dekrè Elektoral la poko pibliye ofisyèlman, plizyè lidè politik deja aktif sou teren an, y'ap fè laviwonn-dede nan pwovens yo pou yo sonde teren an e, pafwa, anonse yo se kandida pou pwochen eleksyon yo. Pami yo nou jwenn ansyen Prezidan Leslie François Manigat, ki te nan zòn Okay nan weekend ki sot' pase a.
Ansyen lidè a deklare li chaje ak enèji pou li mennen kanpay 2005 la e li kwè li gen yon pwogram ak yon palmarès ki merite konfyans popilasyon ayisyèn nan.
Klike sou lyen anlè atik sa a pou ou ka tande deklarasyon Pwofesè Manigat.