Accessibility links

Breaking News

Pwochen Eleksyon Jeneral Yo Fikse Pou 9 Oktòb, 13 Novanm Ak 18 Desanm 2005 Nan Peyi DAyiti


Konsèy Elektoral Pwovizwa ayisyen an (KEP) franchi yon pa enpòtan nan direksyon òganizasyon eleksyon jeneral an'n Ayiti. Samdi 29 janvye a, manm pi gwo otorite nan zafè elektoral peyi a fè konnen eleksyon manm Asanble Nasyonal la fikse pou 9 oktòb 2005 e eleksyon palmantè e prezidansyèl yo va dewoule 13 novanm ane sa a. Konsèy la kenbe tou dàt 18 desanm pou yon dezyèm tou, si sa ta nesesè. Korespondan nou nan Pòtoprens Rotchild François jr. di nou KEP a supoze pibliye lwa elektoral la nan semèn kap vini la a.
XS
SM
MD
LG