Accessibility links

Breaking News

Pòt Pawòl Prezidan Komisyon Afrikèn nan di Ansyen Prezidan Aristide Pa Dwe Konprann L’ap Tounen sou Pouvwa a Ann Ayiti


Adam Thiam, ki se pòt pawòl prezidan Komisyon Afrikèn nan ki fè pati Inyon Afrikèn nan, Alpha Oumar Konare deklare Inyon Afrikèn nan ap fè efò pou ede fè yon dyalòg nasyonal ann Ayiti aprè demisyon ansyen prezidan jean-Bertrand Aristide la.

Pòt pawòl emisè Komisyon Afrikèn nan fè konnen Msye Konare di klèman: se vre Msye Aristide gen yon ròl pou l jwe ann Ayiti ansanm ak mouvman Lavalas li a, sepandan ansyen prezidan Aristide pa dwe met’ nan tèt li li ka tounen sou pouvwa a ann Ayiti.

Pòt pawòl Msye Konare a fini pa di Inyon Afrikèn nan travay an kolaborasyon ak LONU e CARICOM sou dosye Ayiti a. Li fè deklarasyon sa yo nan mikro yon kòlèg nou nan seksyon fransè Lavwad’lamerik la, Henry Francisque.

XS
SM
MD
LG